Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
1/13/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl la Bay Kontra Konstriksyon Pou De Pwojè GOB Ki Vo $7.8 Milyon Dola

Nan reyinyon regilye li chak mwa, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade te bay de konpayi konstriksyon kontra pou konplete pwojè “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) nan Lekòl Mwayen Lawton Chiles ak Lekòl Mwayen Palmetto ki vo apeprè $7.8 milyon.

 

Lekòl Mwayen Lawton Chiles – Se konpayi ‘JCI International, Inc.’ ki te resevwa kontra konstriksyon pou renovasyon nan Lekòl Mwayen Lawton Chiles, ki lokalize nan zòn nòdwès Hialeah toupre ‘Spanish Lake Park’. Lekòl la, te bati an 1998, gen ladan senk bilding pèmanan ak kapasite pou 1,459 plas pou elèv.

 

Dimansyon travay la gen ladan amelyorasyon nan sistèm chofaj, vantilasyon ak èkondisyone (HVAC) nan kèk bilding nou chwazi; enstalasyon yon nouvo sistèm jesyon ijans (EMS) pou sistèm HVAC la. Enstalasyon nouvo planche, tapi ak mozayik nan oditoryòm nan; enstalasyon nouvo planche vinil abaz kawotchou nan kèk zòn nou chwazi; epi polisaj planche an bwa nan sal dans milti-fonksyon an ak ajoute yon nouvo baz miray. Pami lòt amelyorasyon yo genyen yon teren baskètbòl ak sifas akrilik ‘Plexipave®’, twati, ranplasman pòt, pwoteksyon kont inondasyon, kloti ak jaden.

 

Alokasyon Total pou Pwojè a - $2.5 milyon                    Finisman – Me 2023

 

Patisipasyon total “sub-consultant Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)” (Soutretans Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis): 52.34 pousan

Patisipasyon total “sub-consultant Minority/Women Business Enterprise (M/WBE)” (Soutretans Antrepriz Minoritè/Antrepriz Fi Posede): 5.82 pousan

 

Lekòl Mwayen Palmetto – Se konpayi ‘JRT Construction Co.’ ki resevwa kontra konstriksyon pou pwojè renovasyon nan Lekòl Mwayen Palmetto, ki lokalize nan zòn Pinecrest. Lekòl ki la kounye a, ki te bati an 1961, gen ladan 10 bilding pèmanan ak 1314 plas pou elèv.

 

Dimansyon pwojè a gen ladan pentire andedan lekòl la, renove salklas nan bilding 1 yo, renove 4 twalèt ki deja egziste, renove biwo direksyon an, sal pwofesè yo ak koridò yo; ak ranplase èkondisyone, planche, ekleraj ak plafon nan tout kanpous la.

 

Alokasyon Total pou Pwojè a - $5.3 milyon                    Finisman – Janvye 2024

 

Patisipasyon total “sub-consultant Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)” (Soutretans Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis): 16.77 pousan

Patisipasyon total “sub-consultant Minority/Women Business Enterprise (M/WBE)” (Soutretans Antrepriz Minoritè/Antrepriz Fi Posede): 13.74 pousan

 

An 2012, votè yo te apwouve an gran nonb pwojè GOB a pou renove, remodle ak ranplase lekòl; ogmante kapasite lekòl yo pou pran plis elèv; amelyore sekirite; epi ofri amelyorasyon teknolojik nan tout lekòl.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

22-DGD/078/HD/RD/CM

Follow us