Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
1/13/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County Apwouve Kalandriye Lekòl 2022-2023 a

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County apwouve Kalandriye Lekòl 2022-2023 a nan dènye reyinyon li fè chak mwa a, avèk lekòl la ki ap kòmanse 17 out pou elèv. Kalandriye yo apwouve pou Lekòl Elemantè ak Segondè ak Lekòl pou Adilt ak fòmasyon pwofesyonèl yo gen ladann yon “Fall Recess” (Vakans Otòn) pou elèv ak anplwaye 10 mwa, nan semèn 21 – 25 novanm 2022, pandan fèt Thanksgiving la.

 

Kalandriye Lekòl Elemantè e Segondè a gen ladan 180 jou enstriksyon pou elèv ak 196 jou pou pwofesè, ki gen ladan 180 jou yo, plis 10 jou pou pwofesè fè planifikasyon, ak sis konje legal.

 

Kalandriye Lekòl Adilt/Vokasyonèl la gen ladan 216 jou enstriksyon pou elèv ak 234 jou pou pwofesè, ki gen ladan 216 jou yo, plis 12 jou pou pwofesè fè planifikasyon, ak sis konje legal.

 

Kalandriye Lekòl Jistis Jivenil la gen ladan 240 jou enstriksyon pou elèv ak 257 jou pou pwofesè, ki gen ladan 240 jou yo, plis 11 jou pou pwofesè fè planifikasyon, ak sis konje legal.

 

Kalandriye Lekòl yo fèt gras ak yon kolaborasyon ant Komite Travay sou Kalandriye Lekòl la ki gen ladan reprezantan nan Lekòl Leta Miami-Dade County ak sendika ‘United Teachers of Dade’.

 

Pou plis enfòmasyon, vizite http://www.dadeschools.net/calendars/.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho

 

# # #


# # #

22-DGD/070/HD/RD/CM

Follow us