Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
2/1/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Resevwa Plis Prim Merit Magnet Nasyonal Pase Nenpòt Lòt Distri Ozetazini

“Magnet Schools of America (MSA)” (Lekòl Magnet Ozetazini), yon òganizasyon nasyonal ki reprezante plis pase 4,000 lekòl magnet ak pwogram, te rekonèt “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County)” avèk yon total de 75 prim pou peryòd prim 2021-2022, plis pase nenpòt lòt distri nan peyi a. MSA rekonèt yo anyèlman pou angajman yo pou gwo estanda akademik, inovasyon nan kourikoulòm, efò pou divèsite ki gen siksè, pwofesè espesyalize, ak patisipasyon paran/kominotè. 

M-DCPS te resevwa 44 “Magnet School of Excellence Merit Awards” (Prim Merit Lekòl Magnet Ekselans) ak 31 “Magnet School of Distinction Merit Awards” (Prim Merit Lekòl Magnet Distenksyon). Lekòl ki resevwa Prim Merit MSA yo, keseswa Distenksyon oubyen Ekselans, klase anndan premye 5 pousan tout lekòl magnet nan peyi a. Lekòl ki resevwa Prim Merit Lekòl Magnet Ekselans yo te eksele nan tout domèn yo mezire yo e yo sèvi avèk yo kòm Modèl Nasyonal Lekòl Magnet Egzanplè. 

Yo pral prezante tout prim yo nan konferans nasyonal anyèl MSA a ki ap fèt 18-22 avril 2022 nan Clark County, Nevada. Pou plis enfòmasyon, vizite http://yourchoicemiami.org.

Mes lis lekòl M-DCPS ki resevwa Prim Merit Lekòl Ekselans pou 2022 an:

 

LEKÒL

TÈM MAGNET LA(YO)

Air Base K-8 Center

 

  • Edikasyon Entènasyonal/Cambridge Entènasyonal

Herbert A. Ammons Middle

  • Bakaloreya Entènasyonal

Arvida Middle

  • Syans Legal

George W. Carver Middle

  • Etid Entènasyonal
  • Edikasyon Entènasyonal

BioTech @ Richmond Heights 9-12

  • Konsèvasyon Biyoloji

W.J. Bryan Elementary

  • Mize

Center for International Education

  • Cambridge Entènasyonal – Kolèj Preparatwa

Lawton Chiles Middle

  • Cambridge Entènasyonal

Coral Reef Senior High

 

 

 

  • Syans Agrikòl, Jeni, Bakaloreya Entènasyonal, Syans Medikal/Sante, Biznis ak Finans, Legal ak Ar Vizyèl ak Pèfòmans.

Lamar Louise Curry Middle

  • Bakaloreya Entènasyonal Program Mwatye Ane

Cutler Bay Senior High

  • Akademi Syans ak Teknoloji Oseyan Cutler Bay

Rubén Darío Middle

  • Syans Medikal ak Sante

Ponce de Leon Middle

  • Bakaloreya Entènasyonal

Design and Architecture Senior High

  • Achitekti, Lamòd, Sinema, Grafik, Desen Endistriyèl

Barbara Goleman Senior High

  • Teknoloji Sistèm Enfòmatik, Maketin Dijital, Teknoloji Finansye, STEM Plasman Avanse Capstone, Syans Legal, Etid Lalwa/Entèlijans, Sekirite Entènèt

Joella C. Good Elementary

  • Montessori

Hammocks Middle

  • Lekòl Preparatwa pou Dwa

Hialeah-Miami Lakes Senior High

  • Preparasyon pou Kolèj ak Karyè

Hialeah Middle

  • Ar Vizyèl ak Pèfòmans - Ar, Fanfa, Dans ak Teyat

Jose Martí MAST 6-12 Academy

  • Teknoloji Matematik ak Syans

Frank C. Martin K-8 Center

  • Bakaloreya Entènasyonal

Arthur & Polly Mays 6-12 Conservatory of the Arts

  • Ar Vizyèl, Pèfòmans ak Ar Kominikatif

Miami Arts Studio 6-12 @ Zelda Glazer

  • Ar Vizyèl ak Pèfòmans - Ar, Fanfa, Dans ak Teyat

Miami Killian Senior High

  • iPrep, Edikasyon Entènasyonal Evalyasyon Cambridge, Akademi Lwa Entènasyonal

Miami Lakes Educational Center

  • Teknoloji Aplike, Cambridge, Kominikasyon, Antreprenarya, Syans Sante, Teknoloji Enfòmatik  

Miami Springs Senior High

  • Jwèt Videyo, Similasyon, ak Animasyon

Miami Sunset Senior High

  • Magnet Medikal

Robert Morgan Educational Center

  • Teknoloji Medya Dijital, Jeni, Antreprenarya, Syans Sante, Ar Pèfòmans ak Vizyèl

New World School of the Arts

  • Ar Pèfòmans ak Vizyèl

Norland Middle

  • Ar Pèfòmans ak Vizyèl – Ar, Dans, Dram, Fanfa, Mizik

North Dade Middle

  • Bakaloreya Magnet Entènasyonal – Fransè/ Espayòl

Dr. Henry E. Perrine Elementary

  • Ar Pèfòmans ak Vizyèl

Redland Middle

  • Syans Agrikòl ak Karyè pou Dekouvri Ar Kilinè ak Wobotik

Richmond Heights Middle

  • Zowoloji

Riviera Middle

  • “Science, Technology & Investigative Research (S.T.I.R.)” (Syans, Teknoloji ak Rechèch Envestigasyon)

Ben Sheppard Elementary

  • Syans, Teknoloji, Jeni ak Matematik

Shenandoah Middle

  • Etid Mize

South Miami K-8

  • Ar Ekspresif

South Miami Senior High

  • Ar Vizyèl ak Pèfòmans

Southwood Middle

  • Ar Vizyè ak Pèfòmans

Sunset Elementary

  • Etid Entènasyonal (Fransè, Alman, Espayòl)

West Miami Middle

  • Syans Maritim/ Syans Anviwonmantal/ Teknoloji

Westland Hialeah Senior High

  • Preparasyon Chemen pou Kolèj ak Karyè

Young Women’s Preparatory Academy

  • Preparasyon pou Wòl Lidè

 

Lekòl M-DCPS ki Resevwa Prim Merit Lekòl Distenksyon pou 2022 an:

LEKÒL

TÈM MAGNET LA (YO)

American Senior High

  • Biyomedikal

Paul W. Bell Middle

  • Cambridge Entènasyonal

Jorge Mas Canosa Middle

  • Ar Liberal

George Washington Carver Elementary

  • Pwogram Entènasyonal

Coconut Palm K-8 Academy

  • Jeni Syans Agrikòl ak Biyoteknoloji Medikal

Cutler Bay Middle

  • “COAST- (Cutler Bay Ocean Academy for Science and Technology)” (Akademi Syans ak Teknoloji Oseyan Cutler Bay) ak Jistis Kriminèl ak Syans Legal

John A. Ferguson Senior High

  • Biznis Entènasyonal ak Finans

Hialeah Senior High

  • Ar Vizyèl ak Pèfòmans

International Studies Preparatory Academy (ISPA)

  • Etid Entènasyonal ak Edikasyon Entènasyonal

iPrep Academy Pre-K - 12

  • Edikasyon Entènasyonal/Lidè Global

iTech @ Thomas A. Edison Educational Center

  • Vex Wobotik, Koding/Rezo, Espò, ‘Ten80 Drones’

John F. Kennedy Middle

  • “Bio-Medical / Environmental / Agricultural / Technology (BEAT)” (Biyo Medikal / Anviwonmantal / Teknoloji)

Dr. Michael M. Krop Senior. High

  • Repètwa Fòmasyon pou Elèv – Pwogram Ar Vizyèl ak Pèfòmans: Koral, Dans, Ban ak Òkès, Teyat, ak Ar Vizyèl

Maritime and Science Technology (MAST) Academy

  • Syans ak Teknoloji Maritim

Howard D. McMillan Middle

  • Cambridge, Wobotik, Jeni ak Syans Sante Medikal

Medical Academy for Science and Technology (MAST @ Homestead)

  • Syans Biyomedikal, Syans Famasi, Terapi Fizik, iMed

Miami Coral Park Senior High

  • Jeni

Miami Lakes Middle

  • Teknoloji Aplike, Cambridge, Kominikasyon, Antreprenarya, Syans Sante, Teknoloji Enfòmatik   

Miami Southridge Senior High

  • Inovasyon Biznis ak Manajman, Koding ak Devlopman Aplikasyon, ak Desine Jwèt ak Animasyon

North Dade Center for Modern Languages

  • Etid Entènasyonal / Edikasyon Entènasyonal

North Hialeah Elementary

  • Syans Anviwonmantal

North Miami Beach Senior High

  • Etid Global

Pine Lake Elementary

  • STEM Botani ak Zowoloji

Rockway Middle

  • Ar Vizyèl ak Pèfòmans

South Miami Middle

  • Ar Vizyèl ak Pèfòmans

Southside Preparatory Academy

  • Etid Mize

Southwest Miami Senior High

  • Bank ak Finans

TERRA Environmental Research Institute

  • Rechèch Biyomedikal
  • Rechèch Anviwonmantal ak Etid Domèn nan
  • Teknoliji Wobotik ak Jeni

W.R. Thomas Middle

  • Cambridge

Young Men’s Preparatory Academy

  • Preparasyon pou Wòl Lidè

 

Pou de`nye enfo`masyon yo an Kreyo`l, silvouple` branche sou Radyo Leko`l lendi - vandredi a 9e` diswa sou WLRN 91.3FM, ak me`kredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6e` diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @miamisup, sou Instagram nan @miamischools ak @miamisup, e sou Facebook nan MiamiSchools ak AlbertoCarvalho


# # #

22-DGD/090/HD/SD

Follow us