GAYAN: Asistan Lekòl Segondè Alonzo and Tracy
Mourning Eddie Medina;
Meyè Pwofesè pou Ane 2019 nan e Antrenè Molly Winters Diallo;
Manm ekip yo: Anthony Vega, Lucas Caicedo, Andres Gonzalez ak Michael
McKenzie; ak
Ofisye Resous Imèn Dtè. Dawn M. Baglos.
De (2) ekip elèv Lekòl Segondè Alonzo and Tracy Mourning
nan "Miami-Dade County Public Schools’ (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County)
te patisipe nan konpetisyon kont twa lòt ekip – de ki soti nan Konte Broward ak youn ki soti nan Konte
Palm Beach County – yo mete meyè
ide yo ansanm pou amelyore sante mantal e fizik nan "FTX
Charity Hackathon" (Konpetisyon Byenfezans FTX), dimanch dènye.
Se
Chèmann
Depatman Syans Sosyal e Meyè Pwofesè M-DCPS pou Ane 2019 la, Molly Winters Diallo, ki te
antrene toude ekip yo. Li te transfòme konpetisyon an pou fè l tounen yon pwojè pou klas la.
Ekip “Social Seniors” la resevwa vòt jij yo e li
genyen premye plas la ansanm ak yon ekip Broward. De ekip yo ranpòte $500,000
pou lanse pwojè a. Prim nan pral ede yo mete ide yo genyen nan domèn teknoloji pou sante mantal – yon inisyativ
ki asosye elèv dènye ane lekòl segondè avèk moun ki aje pou yo ka konekte fòmasyon
teknolojik ak sèvis kominotè
– sou mache a. Pwogram sa a pral pèmèt patisipan yo kiltive bonjan relasyon, aprann
ladrès ki ap ede yo nan
lavi, ansanm ak kreye memwa k ap dire lontan e ki ap bon pou sante mantal ak
byennèt toude pati yo.
Pami manm ekip yo genyen elèv 11èm
ane Anthony Vega, Michael McKenzie, Andres Gonzalez, ak Lucas Caicedo.
Ekip “Hear Me Out” la te resevwa vòt piblik la e li
te ranpòte prim $50,000
a pou ede yo reyalize pwogram terapi mizikal yo a, ki asosye
elèv lekòl segondè avèk elèv lekòl mwayen nan yon pwogram apre lekòl ki fè lyen
avèk enstriman ansanm ak aplikasyon mizik dijital. Manm ekip yo, Megan Pierre,
Kaley Reinhartz, Alannah Williams, Vallentina Oliveira ak Andres Bonilla, yo
tout se elèv 11èm ane lekòl segondè.
Tout manm ekip
ki nan senk premye plas yo te resevwa tou $15,000 pou bousdetid. Panèl selebrite a te gen ladan jij Kevin
O’Leary ki soti nan Chèn Televizyon “Shark Tank,” vedèt baskètbòl Miami HEAT
Udonis Haslem, ansyen jwè bezbòl premye divizyon David Ortiz ak comedyen
Whitney Cummings.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè
branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak
mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje
aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools ak @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
22/104/HD/CM/RD