Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/5/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Sipèentandan Miami-Dade ak Broward Rankontre avèk Sekretè Edikasyon Etazini pandan Vizit li nan Cypress Bay High School


Nan foto a (Soti Bo Goch Rive Bo Dwat): Sekretè Edikasyon Etazini Miguel Cardona, Depite Etazini Debbie Wasserman Schultz,

Sipèentandan M-DCPS Dte. Jose L. Dotres ak Sipèentandan BCPS Dte. Vickie L. Cartwright.


Lendi 4 avril la Sekretè Edikasyon Etazini Miguel Cardona ak Depite Etazini Debbie Wasserman Schultz te rankontre avèk Sipèentandan “Broward County Public Schools (BCPS)” (Lekòl Leta Broward County) Dtè. Vickie L. Cartwright, Sipèentandan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) Dtè. Jose L. Dotres ansanm ak manm Konsèy Lekòl nan toude distri yo pandan yon vizit nan Lekòl Segondè Cypress Bay nan  Weston. Vizit la te konsantre sou fason pou yo avanse nan objektif pou re-imajine sikui edikasyon tradisyonèl yo e amelyore opòtinite ekitab pou tout elèv.   

 

Gwoup la te diskite sou sitiyasyon ki enpòtan anpil pou distri lekòl yo, tankou efò redresman lekòl yo akoz efè pandemi an ak enpak li sou akonplisman elèv, ansanm ak fon asistans federal. Yo te diskite tou sou enpòtans pou ofri chemen karyò pou elèv yo e yo te vizite pwogram san parèy ‘FBI Cyber/STEM’ nan Lekòl Segondè Cypress Bay, ki ekspoze elèv yo ak yon gran varyete disiplin ki gen rapò ak sekirite sou entènèt ansanm ak STEM pou prepare yo pou karyè ki reyèl nan domèn sa  yo.

 

Madam Cartwright, Sipèentandan BCPS di, “Sa se yon opòtinite eksepsyonèl pou Sipèentandan Dotres ak mwen pale dirèktemen avèk Sekretè Edikasyon Etazini, Cardona ak Manm Kongrè, Wasserman Schultz konsènan pwoblèm lekòl ak elèv nou yo ap fè fas… Nou apresye sipò ak wòl lidè yo jwe ak lefètke yo ba nou opòtinite pou prezante Lekòl Segondè Cypress Bay ansanm ak pwogram eksepsyonèl li a, ‘FBI Cyber/STEM’. Nou pa ka tann pou n kontinye patenarya sa a pou asire nou gen resous nesesè pou edike elèv jodi a sou fason yo reyisi demen.”

 

Mesye Dotres, Sipèentandan M-DCPS di, “Vizit sa a avèk Manm Kongrè, Wasserman Schultz, Sekretè Edikasyon Etazini, Miguel Cardona, ansanm ak Sipèentandan Vickie Cartwright make yon okazyon enpòtan pou distri lekòl Miami-Dade ak Broward pou diskite konsènan dives opòtinite pou toude distri lekòl yo ak difikilte sistòm edikasyon  piblik nan Sid Florid la ap rankontre… Ansanm, n ap kontinye mande resous ak fleksiblite ki nesesè pou adrese bezwen elèv nou yo tankou sipòte sante mantal ak aprantisaj inacheve, ki pami pi gwo priyorite nou.” Nou ka gade vizit sa a nan

https://www.eduvision.tv/l?etDLOyR.

Pou plis enfòmasyon kontakte John Sullivan, Ofisye Anchèf pou Kominikasyon, BCPS, nan 754-321-2300; oubyen Jaquelyn Calzadilla, Direktris Egzekitif, Kominikasyon Ekstèn, M-DCPS, 305-995-2060.

 

KONSÈNAN LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY
“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), yon distri lekòl ki fè nòt “A”, se katriyèm pi gwo sistèm lekòl nan peyi a avèk prèske 400 lekòl ak enskripsyon divèsifye pou plis pase 350,000 elèv ki soti nan plis pase 160 peyi. Tradisyon akonplisman revolisyonè nou yo ki ap kontinye, pèmèt nou resevwa pi gwo rekonesans nan nivo  nasyonal ak entènasyonal. Resamman, M-DCPS te atenn tou yon to gradyasyon istorik 90.1 pousan.  Pou dènye enfòmasyon yo, silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, e sou Facebook nan MiamiSchools. 

 

KONSÈNAN LEKÒL LETA BROWARD COUNTY

“Nou pran angajman pou edike tout elèv pou yo ka atenn pi gwo potansyèl yo”.  

“Broward County Public Schools (BCPS)” ((Lekòl Leta Broward County) se sizyèm pi gwo distri lekòl nan peyi a e dezyèm pi gwo distri lekòl nan Florid. BCPS se premye sistèm lekòl ki totalman akredite nan Florid depi 1962. BCPS gen prèske 261,500 elèv e apeprè 110,000 elèv adilt nan 241 lekòl, sant ak kolèj teknik, ansanm ak 91 lekòl ‘charter’. BCPS sèvi yon popilasyon elèv ki divèsifye, avèk elèv ki reprezante 177 diferan peyi an 151 diferan lang. Pou konekte avèk BCPS, vizite browardschools.com, suiv nou sou Twitter nan @browardschools, sou Facebook nan facebook.com/browardschools.com e telechaje aplikasyon mobil gratis BCPS la.


# # #

22/110/CM/RD

Follow us