Nan reyinyon regilye li fè chak mwa a, Komisyon Konsèy
Lekòl Miami-Dade bay de (2) konpayi kontra konstriksyon pou konplete pwojè
“General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) nan Lekòl Segondè J.C.
Bermudez Doral ak Sant K-8 Henry E. S. Reeves ki vo apeprè $14.5 milyon dola.
Lekòl
Segondè J.C. Bermudez Doral – Se
konpayi Burke Construction Group, Inc ki resevwa kontra konstriksyon pou pwojè
renovasyon ak teren jwèt nan Lekòl Segondè J.C. Bermudez Doral. Lekòl la ki te
bati an 2001, gen ladan de (2) kanpous pèmanan ki chita sou apeprè 18 ekta tè.
Etablisman an gen kapasite pou 1,181 plas pou elèv e kantite sa a ap rete menm
jan aprè pwojè a fini.
Dimansyon pwojè a gen ladan yon
nouvo teren bezbòl, teren sòfbòl ak yon teren futbòl; teren baskètbòl, ban pou piblik
la, ban pou jwè, yon espas agrikòl, yon jaden enteryè, ak yon refij pou animal.
Alokasyon total pou Pwojè a – $ 3.4
milyon L ap
Fini – Novanm 2022
Patisipasyon
total soutretans “Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)” (Antrepriz Ti
Biznis/Mikwo Biznis): 17.39
pousan
Patisipasyon
total soutretans “Minority/Women Business Enterprise (M/WBE)” (Antrepriz
Minoritè/Antrepriz Fi Posede): 4.55
pousan
Sant K-8
Henry E. S. Reeves – Se Thornton
Construction Company, Inc ki resevwa kontra konstriksyon pwojè pou ajoute
konvèsyon nan Sant K-8 Henry E. S. Reeves. Kanpous aktyèl lekòl la ki te bati
an 1995, gen ladan 7 edifis pèmanan ki chita sou yon pasèl apeprè 13 ekta tè.
Etablisman an gen ladan 673 plas pou elèv, ki pral ogmante a 1,138 plas pou
elèv lè pwojè a fini.
Dimansyon travay pou pwojè sa a gen
ladan konstriksyon yon nouvo bilding pou yon salklas de (2) etaj, ki gen
kapasite pou 465 nouvo plas pou elèv, ak salklas, yon espas pou administrasyon,
yon kazye pou elèv, yon laboratwa enfòmatik, yon estidyo ar dijital, yon
salklas pou travay ann ekip, laboratwa syans, teren baskètbòl, yon kafeterya ak
pakin.
Total Alokasyon pou Pwojè a - $11.1
milyon L ap Fini
– Me 2023
Patisipasyon
total soutretans “Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)” (Antrepriz Ti
Biznis/Mikwo Biznis): 16.85
pousan
Patisipasyon
total soutretans “Minority/Women Business Enterprise (M/WBE)” (Antrepriz
Minoritè/Antrepriz Fi Posede): 8.68
pousan.
An 2012,
votè yo te apwouve an gran nonb pwojè GOB a pou renove, remodle ak ranplase
lekòl; ogmante kapasite lekòl yo pou pran plis elèv; amelyore sekirite; epi
ofri amelyorasyon teknolojik nan tout lekòl.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl,
silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM,
ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje
aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @supdotres, sou Instagram nan @miamischools ak @suptdotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
22-111/HD/SD/RD/CM