Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
5/2/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Lanse Pwogram ‘Summer 305 2022’ pou Pèmèt Elèv yo Eksplore, Fè Eksperyans & Briye

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) anonse yon pwogram enteresan, solid e san parèy nan ete a, nou kreye pou adrese bezwen timoun yo nan tout totalite yo. Atravè yon apwòch global, "Summer 305” (Ete 305) pral satisfè bezwen akademik, fizik, sosyal, ak emosyonèl timoun yo. Eksperyans lekòl ete sa a pral satisfè bezwen san parèy elèv nou yo e kontinye adrese eka nan akonplisman/opòtinite ki genyen yo. Enskripsyon kòmanse jodi a! Vizite https://summer305.dadeschools.net pou plis enfòmasyon.


Pwogram "Ete 305” la ap kòmanse 23 jen pou rive 21 jiyè 2022, epi ap genyen kou enteresan, avanse, nan 113 lekòl pou elèv klas matènèl jiska 12èm ane eskolè.


Ane sa a, M-DCPS ap fè patenarya ankò avèk “The Children’s Trust,” pi gwo patnè finansye/founisè kan ete nan kominote nou an pou ogmante aksè nan pwogram nan. ‘The Children’s Trust’ ofri plis pase 300 kan atravè kominote a– kèk ladan yo lokalize nan lekòl nou yo. Distri a ap bay materyèl ak pwofesè ki pral travay an ti gwoup avèk timoun yo sou lekti/ekriti debaz ak aritmetik, pou adrese pèt aprantisaj ak devlope ladrès debaz nan lekti ak matematik pou prepare yo pou pwochen nivo klas yo.


Pami chwa pou elèv ki nan klas matènèl rive 5èm ane eskolè, yo ap genyen “Smart Start Elementary Camps” (Kan Elemantè ‘Smart Start’) tankou “Hands-on STEAM” (Pratik STEAM), “Investigations/Challenges” (‘Envestigasyon/Defi) ak “Math & Reading Foundations” (Fondasyon Matematik & Lekti), “Summer Reading Camps” (Kan Lekti pandan Ete a), “Summer Arts Programs” (Pwogram Ar pandan Ete a), “Extended School Year Program” (Pwogram Pwolongasyon Ane Lekòl la) ak yon pwogram koneksyon lekòl-lakay ki rele “Backpack Adventure Program” (Pwogram Eksperyans Valiz Lekòl).


Konsèp ‘Smart Start Camp,’ nou ofri elèv lekòl elemantè ak mwayèn yo, se yon eksperyans edikasyon ki pote inovasyon sou plizyè dimansyon. Leson patikilye yo ap ofri aprantisaj pratik nan plizyè disiplin nan kou debaz yo pou ranfòse ladrès fondamantal elèv yo ap bezwen nan pwochen nivo klas yo. An menm tan, y ap adrese aprantisaj sosyo-emosyonèl yo.

 

Kan yo se pwogram akademik konplè e solid pandan ete a ki pral adrese bezwen timoun nan nan totalite li, kòmanse 23 jen rive 21 jiyè.


Elèv lekòl mwayen yo kapab patisipe nan “Smart Start Teen Camp” (Kan ‘Smart Start’ pou Adolesan), “Middle School Course Recovery” (Rekiperasyon Kou nan Lekòl Mwayen), yon pwogram “Career Technical Education (CTE)” (Pwogram Edikasyon Teknik ak Pwofesyonèl pandan Ete a), ak Kan ete “Speak Up!” (Pale!).

 

‘(Kan ‘Smart Start’ pou Adolesan)’ ap bay elèv lekòl mwayen yo opòtinite pou patisipe nan yon pwogram ete plizyè disiplin ki bay aktivite amizan, enteresan, avèk pwojè pou pratike aprantisaj yo. Elèv yo ap patisipe nan klas kan avèk tèm tankou “Finding Your Voice to Shape the World Around You” (Jwenn Vwa ou pou Fòje Mond ki Antoure w la), “Going Global” (Globalizasyon), “Time to Explore” (Tan pou Eksplore) ak “STEM Up!.” Klas sa yo pral ede elèv yo fè bon analiz ak rezoud pwoblèm pandan y ap prepare pou pwochen klas lekòl k ap vini an. Kan yo ap kòmanse 23 jen pou rive 21 jiyè.

 

Pwogram lekòl segondè yo gen ladan “Summer Youth Internship Program (SYIP)” (Pwogram Estaj pou Jèn pandan Ete a), “High School Credit Recovery” (Ratrapaj Kredi nan Lekòl Segondè), “Driver’s Education” (Pwogram Oto-Ekòl), ‘Speak Up! Summer Camp’, ‘CTE Summer Programs’, “Dual Enrollment” (Anwolman Doub), “Algebra 1 EOC (End of Course) Prep Home Connections” (Koneksyon Lakay pou Preparasyon Egzamen Fen Kou Aljèb 1) ak “ACT/SAT Prep Home Connections” (Koneksyon Lakay pou Preparasyon Egzamen ACT/SAT).

 

“The Summer Youth Internship Program (SYIP)” (Pwogram Estaj Jèn pandan Ete a) bay elèv yo eksperyans konkrè, pratik ak opòtinite pou devlope relasyon pwofesyonèl. Pwogram sa a ap fonksyone 1ye jiyè jiska 5 out 2022. Anplis de resevwa yon frè, patisipan nan pwogram sa a ap resevwa kredi lekòl segondè epi yo gen opòtinite resevwa kredi pou anwolman doub nan Miami Dade College.

 

Nouvo pwogram Oto-Ekòl pou ete sa a, bay elèv yo opòtinite pou resevwa fòmasyon pratik nan eksperyans pou aprann kondui. Elèv k ap patisipe nan pwogram nan ap resevwa yon kredi opsyonèl lekòl segondè. Klas la ap kòmanse 14 jen pou rive 21 jiyè 2022, epi yo disponib pou elèv nan lekòl piblik tradisyonèl yo, lekòl charter ak lekòl prive yo.

 

Tout elèv lekòl segondè ap gen aksè leson patikilye sou entènèt, atravè Pòtal Distri Elèv la, ki pral ede yo prepare pou egzamen ACT ak SAT yo.

 

Lekòl ak kan yo ap suiv pwotokòl sante, sekirite ak ijyèn ki anvigè aktyèlman. Y ap bay transpò pou elèv ki satisfè kondisyon kalifikasyon yo, epi y ap bay manje maten ak manje midi gratis. Anplis, y ap bay sèvis sipò sosyo-emosyonèl ak sante mantal.


Pwogram “Ete 305” se yon pwogram enteresan e yon agrandisman pwogram ete a. Li asire elèv nou yo vin lekòl ann otòn nan pare pou aprann.


Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

22/126/JC/RD/SD/CM

Follow us