Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
5/4/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Onore Meyè Direktè, Asistan Direktè Lekòl pou Ane a

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) onore meyè direktè ak asistan direktè lekòl li yo aswè a, nan ‘DoubleTree by Hilton’, nan yon  seremoni prim “Dade Association of School Administrators (DASA)” (Asosyasyon Administratè Lekòl nan Dade) patwone.

Jackson Jean Nicolas, ki ap sèvi kòm direktè Lekòl Elemantè Earlington Heights, ranpòte pi gwo onè a kòm Meyè Direktè Lekòl nan Distri a. Nicolas ap anseye nan M-DCPS depi 20 ane. Apre yon karyè ansèyman ki reyisi, li te vin Asistan Direktè Sant K-8 Charles R. Drew K-8 Center an 2012. Li te vin pran pwomosyon kòm direktè e li te sèvi nan pozisyon sa a jis an 2016.

Yo te rekonèt Jean Claude Saint-Phard nan Kolèj Teknik ‘George T. Baker Aviation’ kòm Meyè Asistan Direktè pou Ane a. Saint-Phard te kòmanse karyè li avèk M-DCPS kòm yon pwofesè ar kuizin nan Kolèj Teknik ‘Lindsey Hopkins’.  An 2010, li te pran pwomosyon kòm Asistan Direktè e li te sèvi nan pozisyon sa a nan Lekòl Kòminotè Charles Drew ak Lekòl Mwayen Brownsville. L ap travay nan Baker Aviation depi 2015.

Ganyan Meyè Direktè pou Ane a ap resevwa yon prim $2000 kash ak yon lokasyon vwati pou twazan konpayi Toyota of North Miami patwone. Ganyan Meyè Asistan Direktè pou Ane a ap resevwa yon prim $1500 kash ak yon televizyon 65-pous konpayi Aflac ap bay.

Evenman sa a te posib atravè patenarya avèk Equitable, Toyota of North Miami, EdFed (ansyen South Florida Educational Financial Credit Union), Ibiley, AIG, Bencor, Brian Power Wellness, Aflac, Carnegie Learning, HMH, Brown ak Bigelow, Tropical Financial Credit Union, Miami Heat, Miami Marlins, Certo Risto & Pizza, ak FROST Science.

Yo te rekonèt nan seremoni an tou moun ki pran Dezyèm Plas pou Meyè Direktè Lekòl la, Dtè. Susana Mauri, nan Kolèj Teknik South Dade, ak moun ki pran Dezyèm Plas pou Meyè Asistan Direktè Lekòl la, Vernatta Lee, nan Lekòl Segondè Miami Edison.

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres,, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


Foto sou Bò Goch: Meyè Direktè Lekòl pou 2022 Jackson Nicolas e sou Bò Dwat: Meyè Asistan Direktè Lekòl pou 2022 Jean Claude Saint-Phard 


# # #

22-129/HD/CM/RD

Follow us