“The
Florida Law Enforcement Accreditation (CFA)” (Komisyon pou Akreditasyon Polis
Florid la) te ofisyèlman re-akredite “The Miami-Dade Schools Police Department
(MDSPD)” (Depatman Polis Lekòl Miami-Dade) paske li konfòme l totalman avèk
tout 178 estanda règleman ki an vigè yo evalye yo. Anpil nan estanda yo
esansyèl pou pwoblèm lavi, sante ak sekirite.
Se
dezyèm fwa MDSPD satifè kondisyon kalifikasyon pou re-akreditasyon. MDSPD se
youn nan sèlman de (2) depatman polis lekòl nan Florid ki resevwa sètifikasyon akredite
distenge konplè nan men CFA a. Sètifikasyon MDSPD a valab pou twazan e se yon
rekonesans ki gen anpil valè nan ekselans pwofesyonèl lapolis.
Akreditasyon
CFA a ogmante kapasite ajans lapolis la pou anpeche ak kontwole krim atravè livrezon
sèvis polis ki pi efikas e pi efektif nan kominote a. Li amelyore e ogmante
nivo konpreyansyon kominote a sou ajans lapolis la, wòl li nan kominote a, ak bi
ak objektif li yo. Li kreye yon fowòm kote lapolis ak sitwayen travay ansanm
pou kontwole ak anpeche krim e konprann defi ajans lapolis la fè fas a.
Yo
rekonèt CFA kòm premye pwogram akreditasyon pou ajans polis nan peyi a. MDSPD
se pi gwo depatman Polis Lekòl Ozetazini. Komisyon Edikasyon Dade County te
fonde depatman an nan 1957, Depatman Polis sa a gen prèske 500 ofisye ki
pwoteje lavi elèv ak anplwaye Lekòl Leta Miami-Dade County yo.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl
lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF
1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje
aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres,, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
22-VSP/139/HD/RD/SD