Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
7/1/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Anonse Orè pou Pwogram Vaksinasyon pou Elèv K ap Rantre Lekòl ak Tès ak Vaksinasyon COVID-19 pou Mwa Jiyè a

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kontinye fè patenarya avèk “University of Miami Health System (UHealth) Pediatric Mobil Clinic” (Klinik Inite Pedyatrik Mobil Sistèm Sante ‘University of Miami’) pou ofri vaksen obligatwa pou rantre lekòl, vaksen ak tès nan plizyè douzèn lekòl atravè Distri a.

 

Klinik Inite Pedyatrik Mobil UHealth pral ofri tou vaksen obligatwa pou rantre lekòl nan ane eskolè 2022-2023 a, pou elèv ki pral kòmanse Jadendanfan ak klas setyèm ane nan otòn k ap vini an, oubyen pou nenpòt elèv ki manke yon vaksen pou rantre lekòl. Paran yo ka evite ankonbreman pandan ete a nan vaksinen pitit yo pandan ete a.

 

UHealth pral ofri tou vaksen COVID-19 la ansanm ak vaksen kont grip la ak tès COVID-19. Twazyèm dòz vaksen COVID-19 la disponib tou pou elèv ki elijib yo.

 

Pou elèv yo elijib pou vaksen COVID-19 la, yo DWE gen laj sis (6) mwa omwen nan jou y ap resevwa vaksen an. Yo dwe ranpli yon fòm depistaj ak konsantman pou vaksen COVID-19 la, ki ap disponib nan andwa y ap bay vaksen an. Randevou pa nesesè pou resevwa vaksen an.

 

Nou mete feyè nan atachman an ann Anglè, ann Espanyòl ak an Kreyòl ki gen tout andwa, orè, ak lè ki disponib pandan tout mwa Jiyè a pou kominote a.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres,, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


Remak Editè a: Nou atache feyè yo


# # #

22-VSP/145/HD/RD/SD

Follow us