Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
7/1/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS, Miami-Dade County Adrese Lojman Mendèv Abòdab

Sipèentandan Lekòl yo, Doktè Jose L. Dotres, te rankontre avèk Majistra Miami-Dade County Daniella Levine Cava pou patisipe nan “the Mayor’s Building Blocks Housing Summit” (Somè Majistra a sou Lojman). Plizyè santèn patisipan ki enterese konsènan kriz lojman abòdab la ki afekte rezidan County a te asiste evènman Majistra Levine Cava ak “Department of Public Housing and Community Development” (Depatman Lojman Piblik ak Devlopman Kominotè) te òganize a. “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), anba gouvènans vizyonè Konsèy Lekòl la, ki se yon gwo sipòtè pou lojman mendèv abòdab; ki se yon pwoblèm kritik ki afekte mendèv distri a. Komisyon Konsèy la te apwouve yon kantite nouvo patenarya e lide pou rezoud pwoblèm sa a, tankou:

 

Akademi Preparatwa Southside, ki lokalize nan Distri 3 a, se yon pwojè modèn ki fè yon patenarya piblik-prive pou agrandi Akademi Preparatwa Southside la avèk 10 inite lojman nou bay priyorite pou anplwaye M-DCPS nan zòn Brickell la.

 

Lekòl Elemantè Phillis Wheatley, ki lokalize nan Distri 2 a, pral genyen yon nouvo lekòl ak 150 inite lojman abòdab ki pwolonje travay ak Akademi Preparatwa Southside la, e ki fè pati patenarya Komisyon Konsèy Lekòl la apwouve avèk “The U.S. Department of Housing and Urban Development (HUD)” (Depatman Lojman ak Devlopman Ibèn Etazini).

 

J.R.E. Lee Educational Center, ki sitiye nan Distri 6, pral gen ladan yon etablisman edikasyon renove/nouvo, espas pou sèvis kominotè, ak lojman ki ap bay mendèv M-DCPS la priyorite.

 

Sipèentandan Lekòl yo Dtè. Jose L. Dotres di, “Efò Majistra Levine Cava ap fè pou adrese pwoblèm enpòtan sa a ankouraje m, e Distri a, anba direksyon Komisyon Konsèy la pran angajman pou patisipe nan patenarya inovatif pou rezoud pwoblèm sa a. Travay sa a se yon priyorite pou Komisyon Konsèy sa a, an patikilye, manm Konsèy sa yo ki reprezante kominote kote yo ap plase pwojè sa yo, Dtè. Dorothy Bendross-Mindingall, Madam Mari Tere Rojas ak Madam Lucia Baez-Geller. Nan travay kolaboratif tèt ansanm, nou ka jwenn fason pou reyalize objektif mityèl yo ak adrese bezwen enpòtan kominote a. Li enpòtan pou nou idantifye solisyon dirab yo pou amelyore tout kominote a.” 

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres,, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

22-VSP/147/TR/RD/SD

Follow us