Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
7/5/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS, Miami-Dade College Ap Kolabore pou Òganize ‘Synergy’ 2022 Soti 11 Rive 15 Jiyè

Kòmanse 11 jiyè, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral anbake nan nevyèm evènman anyèl Synergy 2022 a, ki se yon konferans enpòtan pou devlopman pwofesyonèl kote anplwaye lekòl yo pral jwenn fòmasyon pou ane lekòl k ap vini an.

 

Konferans sa a ki ap dire senk (5) jou, ap fèt pou direktè lekòl yo, asistan direktè, pwofesè ki responsab pwogram ak konseye yo nan Kanpous Miami-Dade College (MDC) nan Kendall, ki lokalize nan 11011 S.W. 104th St., Miami, FL 33176. Tèm konferans pou ane sa a, se “Connect305” (Konekte305), ki apwopriye lè w konsidere wòl paran ak edikatè yo jwe kòm patnè nan edikasyon timoun yo. Pami konferansye yo ap genyen Sipèentandan Lekòl yo Dtè. Jose L. Dotres, Prezidan Miami-Dade College, Madeline Pumariega, Direktè Pwogram Ar nan Lekòl Leta East Baton Rouge Parish, Sean Joffrion, ak Prezidan MDC pou kanpous Hialeah ak Kendall, Dtè. Anthony Cruz, pami anpil lòt.

 

Ap genyen plis pase 1,000 sesyon ak plis pase 250 prezantatè ki pral konsantre sou yon apwòch global pou andwa lekòl yo devlope plan aksyon pandan yo ap prepare pou adrese Estanda Eta Florid yo. Pandan Synergy 2022, ekspè edikatè yo pral fè atelye ak kou enteresan ki pral ofri zouti, resous ak panèl ekspè ansanm ak enfòmasyon enpòtan e apwopriye. Nou espere ap gen plis pase 2,300 patisipan ki ap prezan nan evènman sa a.

 

Pou twazyèm ane youn apre lòt, “The Parent Academy” (Akademi Paran An) ap lanse yon seri sesyon edikasyonèl sou entènèt pou prepare fanmi ak moun ki ap bay swen yo pou siksè pou ane lekòl k ap vini an. Atelye sou entènèt yo ap konsantre sou fason pou ede paran yo navige nan teknoloji pou aprantisaj a distans, ede nan devlopman sosyo-emosyonèl elèv yo, e sipòte timoun yo nan tranzisyon yo atravè diferan nivo klas yo. Pou plis enfòmasyon sou atelye sou entènèt yo, tanpri vizite https://parentacademymiami.com

 

Pou plis enfòmasyon sou Synergy 2022, vizite https://synergy.dadeschools.net

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

22-VSP/142/HD/RD/SD/CM

Follow us