Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
7/18/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Pwogram pou Pa Peye Taks sou Founiti Klasik pou Ouvèti Lekòl la Ap Kòmanse 25 Jiyè pou Fini 7 Out

Bon nouvèl pou paran! Ane sa a, pwogram pou pa peye taks sou lavant founiti klasik pou Rantre Lekòl yo ap dire 14 jou, kòmanse lendi 25 jiyè rive dimanch 7 out 2022. Paran yo pral jwenn yon soulajman nan peye sis (6) pousan taks eta Florid la, sa vle di fanmi yo pral fè ekonomi nan fen vakans ete yo avan nouvo ane lekòl la kòmanse.
 

Eta Florid pap kolekte taks sou lavant oswa opsyon taks lokal yo pandan peryòd sa a sou vant atik sa yo:

·      Acha rad, soulye, ak sèten akseswa ki vann $100 dola oswa mwens pou chak atik*

·      Sèten founiti klasik ki vann $50 dola oswa mwens pou chak atik

·      Materyèl pou aprantisaj ak jwèt puzzle ki vann pou $30 dola oswa mwens *

·      Òdinatè pèsonèl ak kèk akseswa pou òdinatè ki nan pri $1,500 dola oswa mwens, lè w achte yon òdinatè pou sèvi lakay oswa bezwen pèsonèl ki pa sèvi pou komès.

Pami founiti klasik yo otorize yo gen: klasè, kalkilatris, kreyon koulè, kreyon, plim, papye konstriksyon, bwat pou repa midi, kaye ansanm ak blòk nòt, lakòl, kòl pou papye, papye afich, règ ak sizo.

Men kèk egzanp founiti klasik ki peye taks: plim pou efase; riban adezif; enprimant ak papye pou enprime; agrafez ak agraf.

Klike la a pou w wè atik espesifik e pou w jwenn yon lis an PDF pou tout atik ou pap peye taks sou lavant pou yo.

Pwopozisyon Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la, Perla Tabares Hantman, pou ankouraje pwomosyon pwogram sa a pou fanmi yo, te jwenn sipò kòlèg li yo nan Komisyon Konsèy Lekòl la nan reyinyon regilye mwa jen 2022 a.

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

22-VSP/140/HD/RD/SD

Follow us