Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
7/21/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl la Apwouve Kontra Konstriksyon pou Twa Pwojè GOB ki Vo $18.4 Milyon

Nan reyinyon regilye li fè chak mwa a, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la apwouve kontra pou twa konpayi konstriksyon konplete pwojè “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) nan Lekòl Elemantè Redondo, Palm Springs ak Lekòl Mwayen Miami Lakes ki vo apeprè $18.4 milyon.

 

Lekòl Elemantè Redondo – ‘Veitia Padron, Incorporated (VPI)’ resevwa kontra konstriksyon pou pwojè renovasyon ak remodlaj bon obligasyon an finanse, nan Lekòl Elemantè Redondo ki te bati an 1960 nan Homestead. Fwontyè lekòl la antoure nan zòn nò ak N.W. 15th Street, e nan zòn lès ak N.W 10th Avenue, e li gen ladan kounye a 17 bilding pèmanan ki gen 749 plas pou elèv.

 

Dimansyon travay la gen ladan ranplasman klimatizè ak inite èkondisyone ansanm ak vantilatè ki anndan yo, ranplasman refrijeratè yo, renovasyon twalèt yo, pentire tout deyò lekòl la ak ranplasman tout alam dife yo. 

 

Patisipasyon total soutretans “Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)” (Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis): 20.49 pousan
Patisipasyon total soutretans “Minority/Women Business Enterprise (M/WBE)” (Antrepriz
Minoritè/Antrepriz Fi Posede): 15.69 pousan

 

Alokasyon Total pou Pwojè a – $3.4 milyon                                    L ap Fini – Novanm 2023

 

Lekòl Elemantè Palm Springs ‘Stonehenge Construction, LLC’ resevwa kontra GOB pou pwojè renovasyon nan Lekòl Elemantè Palm Springs. Lekòl la, ki te bati an 1954, lokalize nan sid ‘Amelia Earhart Park’ nan Hialeah. Li gen ladan kounye a 10 bilding pèmanan e li gen 970 plas pou elèv.

 

Dimansyon travay la gen ladan ranplasman klimatizè ak inite èkondisyone ansanm ak vantilatè ki anndan yo, ranplasman refrijeratè yo, renovasyon twalèt yo, pentire tout deyò lekòl la ak ranplasman tout alam dife yo. 

 

Patisipasyon total soutretans “Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)” (Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis): 25.26 pousan
Patisipasyon total soutretans “Minority/Women Business Enterprise (M/WBE)” (Antrepriz
Minoritè/Antrepriz Fi Posede): 8.98 pousan

 

Alokasyon Total pou Pwojè a – $9.1 milyon                                    L ap Fini – Fevriye 2024

Lekòl Mwayen Miami Lakes – Nou chwazi ‘Veitia Padron, Incorporated’ kòm Antrepriz Jesyon Konstriksyon ki a Risk pou pwojè renovasyon GOB nan Lekòl Mwayen Miami Lakes. Lekòl la, ki te bati an 1974, gen fontyè li ki antoure nan zòn nò avèk ‘Miami Lakes Park’ e nan zòn lwès avèk ‘Ludlum Road’. Li gen ladan kounye a de (2) bilding pèmanan sou yon teren 35 ekta. Bilding nan gen yon kapasite 1,193 plas pou elèv e l ap gen yon total 1,369 plas pou elèv lè pwojè a fini.

 

Dimansyon travay la gen ladan, men li pa limite ak, remodlaj pou nou ka etabli nèf (9) nouvo salklas, ajoute twalèt ki konfòm ak règleman ADA, nouvo fenèt ki ka reziste enpak, yon nouvo Sistèm Jesyon Enèji pou “heating ventilation and air conditioning (HVAC)” (chofaj, vantilasyon ak èkondisyone), ak demolisyon pòtab e pentire.

Patisipasyon total soutretans “Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)” (Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis): 25.99 pousan
Patisipasyon total soutretans “Minority/Women Business Enterprise (M/WBE)” (Antrepriz Minoritè/Antrepriz Fi Posede): 15 pousan.

Alokasyon Total pou Pwojè a – $5.9 milyon                                    L ap Fini – Fevriye 2024

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @supdotres, sou Instagram nan @miamischools ak @suptdotres, e sou Facebook nan MiamiSchools.

# # #

22-VSP/003/HD/CM/SD


# # #

003

Follow us