Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
8/5/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Akeyi 400 Edikatè pandan Oryantasyon Nouvo Pwofesè yo

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral akeyi apeprè 400 edikatè ki fèk anboche nan “New Teacher Orientation” (Oryantasyon Nouvo Pwofesè yo) nan vandredi 5 out e 8 pou rive 11 out, kòmanse 8è dimaten rive 3:30 nan aprèmidi nan Lekòl Segondè Hialeah Gardens. Lekòl la sitiye nan 11700 Hialeah Gardens Blvd, Hialeah Gardens, FL 33018.

 

Sipèentandan Lekòl yo, Dtè. Jose L. Dotres pral akeyi e salye yo nan oryantasyon 8 out la.

 

Patisipan yo pral patisipe nan opòtinite aprantisaj pwofesyonèl, ki gen ladan sipò pou ansèyman efikas, sesyon sou kontni espesifik, ansanm ak konsèy pou entegrasyon nouvo pwofesè yo. Tout sesyon yo fèt pou bay patisipan yo ladrès ak konesans pou pèmèt yo LEVE Kanpe e vin pwofesè yo te vle ye a, se tèm oryantasyon ane sa a.

 

Nouvo ane lekòl la kòmanse mèkredi 17 out.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres,, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

22-VSP/008/AMR/RD/SD

Follow us