Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
8/15/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Tout Elèv M-DCPS Ap Resevwa Manje Maten ak Manje Midi Gratis pou Ane Lekòl 2022-2023

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) anonse tout elèv pral resevwa manje midi ak manje maten gratis nan tout lekòl yo pou ane lekòl 2022-2023 a. Se yon modifikasyon nan règleman Komisyon Konsèy Lekòl la konsènan sèvis manje pou elèv yo nan “National School Lunch/School Breakfast Program” (Pwogram Nasyonal Manje Maten/Midi nan Lekòl yo).

 

Pou plis enfòmasyon, tanpri kontakte:

Depatman Manje ak Nitrisyon

7042 West Flagler Street, Miami, FL 33134-2703

786-275-0447

 

Daprè lwa federal sou dwa sivil ak règleman dwa sivil ak règ “U.S. Department of Agriculture (USDA)” (Depatman Agrikilti Etazini), enstitisyon sa a entèdi pou fè diskriminasyon sou baz ras, koulè, orijin nasyonal, sèks (ki gen ladan idantite sèks gason oswa fi ak oryantasyon seksyèl), andikap, laj, reprezay oswa vanjans pou aktivite dwa sivil yon moun te fè anvan.

 

Enfòmasyon sou pwogram yo ka disponib nan lòt lang ki pa Anglè. Moun ki gen andikap ki bezwen lòt mwayen kominikasyon pou jwenn enfòmasyon sou pwogram nan (pa egzanp, Bray, gwo lèt, kasèt odyo, Lang Siy Ameriken), dwe kontakte ajans leta oswa ajans lokal ki responsab pou administre pwogram nan oswa USDA TARGET Center nan (202) 720-2600 (vwa ak TTY) oswa kontakte USDA atravè “Federal Relay Service” (Sèvis Relè Federal la) nan (800) 877-8339.

 

Pou pote yon plent kont diskriminasyon nan pwogram nan, moun ki pote plent la dwe ranpli fòm AD-3027 “USDA Program Discrimination Complaint Form” (Fòmilè pou Pote Plent kont Diskriminasyon nan Pwogram USDA), ou ka jwenn sou entènèt nan: https://www.usda.gov/sites/default/files/documents/USDA. -OASCR %20P-Complaint-Form-0508-0002-508-11-28-17Fax2Mail.pdf, rele nan nenpòt biwo USDA, nan (866) 632-9992, oswa ekri yon lèt ki adrese bay USDA. Lèt la dwe genyen non moun ki pote plent la, adrès, nimewo telefòn li, ak yon deskripsyon ekri sou aksyon diskriminatwa li di yo fè sou li a ak ase detay pou enfòme “Assistant Secretary for Civil Rights (ASCR)” (Asistan Sekretè Dwa Sivil la) sou diskriminasyon yo ak dat plent vyolasyon dwa sivil li di yo fè sou li a. Moun nan dwe remèt Fòm AD-3027 la ki ranpli oswa lèt la bay USDA nan:

 

Lapòs: U.S. Department of Agriculture

Office of the Assistant Secretary for Civil Rights

1400 Independence Avenue, SW

Washington, D.C. 20250-9410; oswa

 

Faks: ( 833) 256-1665 oswa (202) 690-7442; oswa

Imèl: program.intake@usda.gov

 

Founisè sa a se yon Enstitisyon ki bay tout moun opòtinite egal-ego.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres,, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

22-VSP/012HD/RD/SD

Follow us