Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
8/17/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Nouvo Lekòl ak Lekòl Renove yo Pare pou Elèv M-DCPS pou Ane Lekòl 2022-2023

Plis pase gwo kè kontan nou toujou genyen pou kòmanse yon nouvo ane, elèv, anplwaye, paran ak manb kominote a ka atann anpil bèl bilding tou nèf e modènize nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami County-Dade) pandan ane lekòl 2022-2023 a.

 

Se fon envestisman yo ansanm ak sous prensipal pou finansman an – “General Obligation Bonds (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) yo ki rann amelyorasyon sa yo posib – pou renove, remodle ak ranplase lekòl yo, ogmante kapasite lekòl yo pou pran plis elèv, amelyore sekirite e ofri amelyorasyon teknolojik nan tout lekòl. Jiska 30 jen 2022, depans pwojè ‘GOB’ yo vo apeprè $978 milyon dola ($95 milyon dola pou teknoloji ak $883 milyon dola pou etablisman yo), ak yon lòt $69 milyon dola ki ale nan pwojè ki fèt sou kontra yo.

 

Arvida Middle - $3.9 milyon dola – Lekòl sa a ki te konstwi an 1975, gen ladan sis bilding pèmanan e li gen yon kapasite pou 1,129 plas pou elèv. Pwojè renovasyon an gen ladan ranplase tout sistèm, kanal, inite tretman lè yo, detektè, elatriye, ki asosye ak domèn mekanik, elektrik ak plonbri (MEP), ki esansyèl pou konstwi andwa travay ki gen sekirite e fonksyonèl moun kapab itilize. Nou pral ranplase planche an bwa podyòm lekòl la; nou pral renove teren baskètbòl yo; e nou pral amelyore sistèm sekirite kont dife a.

 

JC Bermudez Doral Senior High - $3.5 milyon dola - Lekòl la gen ladan de (2) kanpous pèmanan ki gen kapasite pou 1,181 plas pou elèv. Dimansyon travay yo pwopoze pou pwojè sa a gen ladan nouvo teren bezbòl, sòftbòl ak foutbòl; teren baskètbòl, ban pou piblik la, ban pou jwè, yon espas agrikòl, yon jaden enteryè, ak yon refij pou animal.

 

George Washington Carver Middle - $5.1 milyon dola – Lekòl sa a ki te bati an 1952, e kounye a gen 13 bilding, gen yon kapasite pou 872 plas pou elèv. Dimansyon travay yo pwopoze a gen ladan enstalasyon yon nouvo sistèm jesyon ijans; ranplase sistèm alam dife nan tout kanpous la; pentire anndan e deyè lekòl la; ak amelyorasyon sistèm ‘HVAC’ (Sistèm chofaj, vantilasyon ak èkondisyone) nan tout kanpous la.

 

Konvèsyon Thomas Jefferson/Biscayne Gardens an Sant K-8 - $11 milyon dola - Ouvri ete 2022:

Lekòl sa yo pataje menm teren an e nou te konvèti yon an yon sant K-8. Pwojè a gen ladan yon nouvo bilding de etaj 34,500 pye kare ak 10 salklas pou lekòl elemantè ak 17 salklas pou lekòl mwayen, ki ajoute 554 nouvo plas pou elèv; yon biwo administratif a distans, nouvo pasaj ki kouvri, yon pòt antre, yon kote pou paran depoze timoun lekòl, nouvo teren ki gen sifas solid ak yon andwa pou espò ak edikasyon fizik.

 

Henry S. West Laboratory School - $2.6 milyon dola - Pwojè renovasyon sa a gen ladan bagay sa yo: twalèt, pentire deyò lekòl la; ranplase fenèt ak pòt yo ak nouvo modèl ki ka reziste enpak domaj lè gen move tan; enstalasyon yon nouvo sistèm ‘HVAC’ (sistèm chofaj, vantilasyon ak èkondisyone), mozayik akoustik, ekleraj salklas ak divès kalite amelyorasyon elektrik.

 

Dr. Henry W. Mack/West Little River K-8 Center - $11 milyon dola – Se yon pwojè renovasyon nan tout kanpous la ki te renove espas yo pou konvèti lekòl la an yon sant K-8 e ajoute 172 plas pou elèv. Pwojè a gen ladan kreyasyon nouvo salklas pou kolaborasyon elèv, salklas pou ‘ESE’ (Edikasyon Espesyal), yon zòn sèvis administrasyon pou elèv, ak laboratwa pou òdinatè, demonstrasyon aktivite syantifik ak atistik. Li gen ladan tou plizyè renovasyon, tankou nouvo biwo pou pwofesè, ranplasman kèk fenèt nou chwazi, pentire deyò tout bilding yo, ak nouvo fontèn dlo pou bwè ki satisfè règ ‘ADA’ (Akò Ameriken pou Moun ki Gen Andikap) a.

 

Miami Beach South Point Elemantary - $6.3 milyon dola – Lekòl la gen yon nouvo bilding yon (1) etaj pou salklas ak 144 plas adisyonèl pou elèv. Pwojè a gen ladan tou ranplasman sistèm alam dife a, amelyorasyon sistèm ‘HVAC’ (sistèm chofaj, vantilasyon ak èkondisyone) a, nouvo twalèt ak fontèn dlo pou bwè ki satisfè kondisyon règleman ‘ADA’ (Akò Ameriken pou Moun ki Gen Andikap), nouvo planche ak pentire deyò lekòl la.

 

Miami Shores Elementary - $7.2 milyon dola – Lekòl la gen yon nouvo bilding ki gen senk salklas nou ajoute ladan, ki totalize 116 plas anplis pou elèv. Dimansyon travay la gen ladan yon nouvo espas pou Edikasyon Fizik, ranplasman twati sant medya a, Sistèm Jesyon Enèji, espas pou plas piblik ak pentire anndan lekòl la, ansanm ak ranplasman fontèn dlo yo ak renovasyon twalèt.

 

Palm Springs North - $13.5 milyon dola – Pwojè sa a gen ladan konstriksyon yon nouvo bilding de (2) etaj n ap ajoute, ki mezire 34,500 pye kare, yon bilding de (2) etaj n ap ajoute ki gen ladan, men ki pa limite ak 10 salklas primè, 17 salklas mwayen, sant medya; yon nouvo pasaj pou pyeton ki kouvri, yon pòt antre, kote pou paran depoze elèv, teren jwèt, espas pou Edikasyon Fizik, ak amelyorasyon nan enfrastrikti ak lòt chantye ki asosye ak lekòl la.

 

Dr. Gilbert Porter Elementary - $5.1 milyon dola - Pwojè sa a te gen ladan eliminasyon salklas pòtab ki la kounye a ak restorasyon espas la; ranplasman sistèm HVAC a, renovasyon kèk twalèt nou chwazi, pentire tout deyò kanpous la, ranplasman fontèn dlo yo, avèk nouvo fontèn ki satisfè kondisyon règleman ‘ADA’ (Akò Ameriken pou Moun ki Gen Andikap) atravè tout bilding nan; amelyorasyon sistèm elektrisite atravè tout bilding nan, rekouvri e bouche twou nan teren basketbòl la, amelyorasyon pakin nan ak lòt amelyorasyon atravè tout lekòl la.

 

Henry Reeves K-8 Center conversion - $15.1 milyon dola – Lekòl la te resevwa yon nouvo salklas de (2) etaj avèk 465 nouvo plas pou elèv, ki gen ladan, salklas, yon zòn pou administrasyon, kazye elèv, yon laboratwa òdinatè, yon estidyo ar dijital, yon salklas pou elèv travay ansanm, laboratwa/salklas syans, teren basketbòl, yon espas pou moun manje ak pakin.

 

Southside Academy and workforce housing - $32.4 milyon dola – Lekòl sa a nou te konvèti an yon sant K-8 an 2019, nou te chanje non li an Southside Preparatory Academy. Nouvo pwojè konstriksyon an pral ofri 610 plas pou elèv, e li gen ladan salklas jeneral, syans ak Edikasyon Espesyal; devlopman ladrès, laboratwa atistik e mizikal; yon zòn pou administrasyon; yon sant medya, kuizin, yon zòn pou divès sèvis aletaj pou edikasyon fizik. Se yon patenarya ant Distri a ak Depatman Lojman Piblik ak Devlopman Kominotè Miami-Dade County ki gen ladan konstriksyon 10 inite lojman pou travayè pou pwofesè ki kalifye ansanm ak anplwaye distri a.

 

Booker T. Washington High - $2.6 milyon dola – Renovasyon yo gen ladan yon nouvo pasaj pou pyeton ki kouvri, limyè pou plafon, mozayik akoustik, Sistèm Jesyon Ijans, ak pentire tout deyò lekòl la.


West Homestead K-8 conversion - $4.7 milyon dola - Yon nouvo konstriksyon ki gen 12 salklas nou ajoute, ki ofri 216 nouvo plas pou elèv. Pwojè a ofri tou yon nouvo pasaj pou pyeton ki kouvri, e ki konekte nouvo bilding nan ak bilding ki la kounye a, ansanm ak agrandisman pakin nan.


Achitèk ak kontraktè yo te atenn oubyen depase objektif itilizasyon “Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)” (Ti Biznis/Mikwo Biznis Ti Antrepriz/Antrepriz Fi posede) Distri a etabli pou pwojè sa yo avèk ekip sou-konsiltan ak soutretans ki trè divèsifye. Sa te vin pi ranfòse avèk yon angajman solid nan itilizasyon mendèv lokal la.

 

Fidelite nan enplemantasyon pwogram GOB a ki ap kontinye ak angajman konstan Distri a nan enklizyon ak divèsite nan pwosesis akizisyon li yo ap afekte pozitivman bonjan kalite anviwònman edikasyonèl ak ekonomi lokal la.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl , silvouplè peny branch Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mekredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6yèm diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouple telechaje aplikasyon mobil Dadeschools pyès lajan an Aparèy iPhone oswa Android oswa . Next nou sou Twitter nan @mdcps OK @suptdotres , sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres , sou Facebook nan MiamiSchools .


# # #

22-VSP/007/HD/RD/CM

Follow us