“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade
County) kontinye fè patenarya avèk ak “University of Miami Health System
(UHealth) Pediatric Mobil Clinic” (Inite Pediatrik Mobil Sistèm Sante
‘University of Miami’) pou ofri vaksen obligatwa pou rantre lekòl, vaksen ak
tès nan plizyè douzèn lekòl atravè Distri a.
Klinik Inite Pedyatrik Mobil UHealth pral ofri vaksen obligatwa pou
rantre lekòl nan ane eskolè 2022-2023 a, ak pou nenpòt elèv ki manke yon vaksen
pou rantre lekòl.
UHealth pral ofri tou vaksen COVID-19 la ansanm ak vaksen kont grip la ak
tès COVID-19. Twazyèm dòz vaksen COVID-19 la disponib tou pou elèv ki elijib
yo.
Pou elèv yo elijib pou vaksen COVID-19 la, yo DWE gen laj sis mwa omwen
nan jou y ap resevwa vaksen an. Paran yo dwe ranpli yon fòm depistaj ak
konsantman pou vaksen COVID-19 la, ki ap disponib nan lekòl la. Randevou pa
nesesè pou resevwa vaksen an.
Nou mete feyè nan atachman an ann Anglè, ann Espanyòl ak an Kreyòl ki gen
tout andwa, orè, ak lè ki disponib pandan tout mwa septanm nan pou kominote a.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl
lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF
1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres,, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.
Nou atache feyè yo:
# # #
22-VSP/015/HD/SD/RD