Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
9/9/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl la Adopte Bidjè 2022-2023 a, Ogmante Finans pou Sekirite, Sante Mantal, ak Nouvo $15 Lè Salè Minimòm nan

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County adopte yon bidjè $7 milya dola pandan dènye odyans bidjè li a nan reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl mansyèl la, ki gen ladan ogmante finans pou sekirite, sante mantal, ak nouvo to $15 lè salè minimòm pou anplwaye M-DCPS yo.

 

Takspeyè Miami-Dade County yo pral peye pi ba pousantaj kantite taks (1) milyèm (yon dola sou chak mil dola) nan 40 ane, e Konsèy Lekòl la optimize fon sa yo pandan y ap enpoze to taks ki pi ba a depi Jimmy Carter te prezidan nan fen ane 1970 yo. Pou Ane fiskal 2022-23 a, Konsèy la te vote pou redwi pousantaj kantite taks (1) milyèm (yon dola sou chak mil dola) la soti 7.009 a 6.589, ki reprezante yon diminisyon .420 milyèm.

 

Bidjè a gen ladan lajan pou peye pou ofisye resous lekòl adisyonèl ak ekipman pou Depatman Polis Lekòl Miami-Dade, ansanm ak konsèy ak sèvis sante mantal pou elèv yo.


Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools


# # #

22-VSP/016/AMR/SD/RD

Follow us