Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/24/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Resevwa Yon Sibvansyon $15 Milyon pou Kreye Pwogram Magnet ki Pi Enklizif, Amelyore Aprantisaj STEAM

“Magnet Schools Assistance Program (MSAP)” (Pwogram Asistans Lekòl Magnet) ki fè pati “U.S. Department of Education’s (ED)” (Depatman Edikasyon Etazini) bay “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) yon sibvansyon $15 milyon. Objektif prensipal sibvansyon MSAP a se pou elimine, diminye, oswa anpeche izolasyon gwoup minoritè yo nan lekòl elemantè ak segondè pandan y ap ranfòse siksè akademik elèv yo. Yo chwazi M-DCPS kòm youn nan 19 benefisyè nan yon pwosesis konpetitif pou finanse twa nouvo pwogram magnet nan tout lekòl K-8 ki pral ofri yon pwogram etid totalman enklizif.

 

Biwo Chwa Lekòl ak Opsyon Paran pral re-imajine de (2) sant K-8 ki egziste deja, Thomas Jefferson Biscayne Gardens K-8 Academy ak Bowman Foster Ashe/Doolin K-8 Academy, epi re-imajine Lekòl Elemantè Citrus Grove ak Lekòl Mwayen Citrus Grove pou tounen yon nouvo sant K-8.

 

Chak Pwojè lekòl K-8 STArts2 yo pral angaje elèv yo nan Syans, Teknoloji, ak Ar avèk yon konsantrasyon sou Eksplorasyon ak Inovasyon Pwodiksyon Mizik Digital. Yo kreye pwojè sa a pou ogmante rijidite akademik, enspire enterè nan karyè STEAM yo, ak pwomote pi gwo siksè akademik nan kreye yon lekòl magnet ki totalman enklizif nan tout lekòl la ki pral sèvi tout elèv ki aplike nan limit lekòl la ak elèv ki aplike pou lekòl magnet nan klas K-8 san distenksyon. Pwogram rijid STArts2 yo etabli yon seri kourikoulòm STEAM K-8 pou elèv ka jwenn aksè jeneral, avanse, ak pwen aksè nan kourikoulòm STEAM yo.

 

Pwojè STArts2, ki se premye nan kalite sa a, fè listwa nan M-DCPS nan fasilite ouvètman aksè ak sipò akademik endividyèl pou elèv ki nan Edikasyon Elèv Eksepsyonèl ak elèv k ap aprann lang Anglè pou yo pwospere nan yon lekòl yo chwazi. Atravè pwogram sa a ki pa gen okenn kritè elijibilite, tout elèv ap elijib pou patisipe nan aprantisaj Magnet STEAM kèlkeswa kapasite oswa konpetans yo.

 

Pwojè STArts2 a pral ankouraje kreyativite ak devlopman ladrès 21èm syèk atravè entèraksyon nan salklas, kolaborasyon aprantisaj a distans ak/oswa yon fason ki melanje, ansanm ak opòtinite aprantisaj pou jwenn eksperyans pratik nan andwa aprantisaj la. Yo pral fasilite aprantisaj otantik ak kolaborasyon nan aplike pratik ansèyman ki baze sou rechèch ki angaje elèv yo nan aprantisaj pratik nan lokal patnè nou yo ap ofri, pou anrichi valè edikasyon STEAM pou elèv yo e ankouraje yon fondasyon ak yon enterè byen bonè lakay elèv yo nan karyè STEAM yo. Patnè pwojè yo se Fairchild Tropical Botanic Gardens, Florida International University, Amazon Web Services; International Process Service (konsiltan pwodiksyon mizik), ak Discovery Education.

 

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.

 

# # #


# # #

22-VSP/032/JC/SD/CM

Follow us