Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/26/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Òganize Seremoni Koupe Riban pou Devwale Yon Nouvo Bilding De (2) Etaj Nan Lekòl Elemantè Palm Springs North

Nan mitan foto a: Sipèentandan Lekòl yo, Doktè Jose L. Dotres ak Direktris Lekòl Palm Springs North la,

Doktè Christina Ravelo ansanm ak elèv yo ak ofisyèl Distri yo pandan y ap koupe riban pou

devwale yon nouvo salklas de (2) etaj yo ajoute.

 

Sipèentandan Lekòl yo, Doktè Jose L. Dotres, Direktris, Doktè Christina Ravelo, manb Komisyon Konsèy Lekòl la ak ofisyèl Distri yo, ak elèv Lekòl Elemantè Palm Springs North te rasanble maten an pou yon seremoni koupe riban pou devwale nouvo adisyon 24,500 pye kare nan lekòl la nan Hialeah.

 

Se Thornton Construction Company ki te resevwa kontra pou bati nouvo bilding sa a ki koute $15.6 milyon dola avèk 466 plas pou elèv, ki gen ladan yon chanm administrasyon adistans, uit salklas elemantè, 17 salklas entèmedyè, yon sant medya, nouvo pasaj ki kouvri, lakou, amelyorasyon nan pakin ak nan kanpous la.

 

Pwojè Bon Obligasyon Jeneral la se rezilta apwobasyon votè yo te bay $1.2 milya. Yo itilize lajan bon sa pou amelyore ak konstwi bilding lekòl atravè distri a, ogmante kapasite plas pou elèv yo, amelyore sekirite etablisman yo, epi bay tout lekòl yo amelyorasyon teknoloji.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

22-VSP/026/ HD/RD/CM

Follow us