Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
11/1/2022
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Fè Seremoni Kòmansman Konstrisyon Pou Nouvo Bilding 2 Etaj Nan Sant K-8 Henry E.S. Reeves


Nan foto a, adwat rive agoch: Sipèentandan Lekòl yo  Doktè Jose L. Dotres ak Direktè Lekòl Sant K-8 Henry E.S. Reeves la Julian Gibbs ransanble ansanm ak elèv yo ak ofisyèl distri a pou seremoni kòmansman konstriksyon yon nouvo salklas lekòl mwayen de (2) etaj.

 

Sipèentandan Lekòl Doktè Jose L. Dotres, Direktè Sant K-8 Henry ES Reeves, Julian E. Gibbs, ofisyèl distri a ak elèv yo te rasanble vandredi sa a nan Sant K-8 Henry ES Reeves pou kòmansman konstriksyon yon nouvo salklas bilding de (2) etaj 36,700 pye kare.

 

Lekòl la ki pote non fondatè ak piblikatè jounal Miami Times ki ekri osijè Ameriken orijin Afriken nan Sid Florid la. Twazan pase, yo te konvèti lekòl la nan yon sant K-8 e bilding sa a te fèt pou akomode apeprè 300 elèv nan klas 6èm rive 8èm ane nan lekòl mwayen yo.

 

Mekhi Wright, yon elèv uityèm ane nan lekòl la di: “Sa a definitivman pral yon bon bagay pou jenerasyon elèv lekòl mwayen k ap vini yo, yon bon opòtinite pou aprann nan yon nouvo bilding.”

 

Se Thornton Construction Company, Inc ki resevwa kontra pwojè sa a ki vo $15.2 milyon dola, li pral gen ladan 465 nouvo plas pou elèv, ki gen ladan 13 nouvo salklas akademi avanse, biwo administrative. Li pral genyen tou yon laboratwa enfòmatik, yon estidyo ar dijital, yon salklas travay ann ekip, salklas/laboratwa pou syans, teren baskètbòl, kazye pou elèv ak espas pou repa midi, ak pakin. Pwojè a pwograme pou l fini nan fen ane lekòl sa a.



Reprezantasyon nouvo bilding lekòl mwayen nan Sant K-8 Henry E.S. Reeves ki pwograme pou fini nan fen ane lekòl sa a.

 

Pwojè bond lekòl yo soti nan apwobasyon “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) votè yo pou $1.2 milya dola an 2012. Yo itilize fon bon sa yo pou amelyore ak konstwi bilding lekòl nan tout distri a, ogmante kapasite plas pou elèv, amelyore sekirite etablisman yo, epi bay amelyorasyon teknolojik nan tout lekòl yo.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres,, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

22-VSP/028/AR/RD/SD

Follow us