Etablisman Lekòl Leta Miami-Dade County
Yo Ap Fèmen 24-25 Novanm
Pou Obsève “Thanksgiving” (Jou Aksyon de
Gras)
Ane sa a, tout elèv ak anplwaye 10 mwa Lekòl
Leta Miami-Dade County yo pral jwi yon semèn vakans otòn pandan semèn 21
rive 25 novanm nan.
Tout lekòl leta Miami-Dade County, biwo Rejyon
ak biwo Distri yo ap fèmen jedi 24 novanm ak vandredi 25 novanm pou obsève jou
ferye “Thanksgiving” (Jou Remèsiman) an.
Tout andwa yo ap
reouvè lendi 28 novanm.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl
lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF
1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
22-VSP/039/HD/RD/SD