Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
1/10/2023
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS ap Aksepte Aplikasyon pou Lekòl Magnet Jiska 15 Janvye 2023

Elèv “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ki enterese aplike pou yon pwogram Magnet pou ane lekòl 2023-2024 la gen yon semen pou fè sa a anvan delè 15 janvye a.

 

Elèv nan tout nivo klas pral kapab pran avantaj de plis pase 370 pwogram Magnet ak kou espesyalize avèk tèm etid pèsonalize san parèy pou satisfè enterè yo, talan ak bezwen endividyèl yo. Pami pwogram distinge nou ofri yo genyen pwogram tankou “STArts – Science Technology and the Arts Exploration and Innovation” (Teknoloji Syans ak Eksplorasyon ak Inovasyon Atistik) – Eksplorasyon Lespas ak Lanmè, “Cybersecurity” (Sekirite sou Entènèt), Envestisman (n ap sèvi avèk tèminal echanj aksyon ‘Bloomberg’ yo), Entèlijans Atifisyèl nan Wobotik, Konsepsyon Jwèt ak Animasyon.

 

Elèv yo DWE aplike anvan 15 janvye 2023, nan www.miamimagnets.org. Chak elèv ka aplike nan jiska senk (5) lekòl. N ap chwazi elèv pou chak pwogram yo atravè yon pwosesis tiraj osò, e n ap voye yon lèt notifikasyon apeprè 15 mas 2023. Paran/Gadyen yo dwe deklare pwogram ki  aksepte pitit yo a nan dat yo espesifye a.

 

Pwogram Magnèt yo ankouraje yon anviwònman aprantisaj ki gen divèsite, ki enpasyal, e ki enkòpore pwogram inovatif ak metòd ansèyman ki baze sou rechèch. Ane apre ane, M-DCPS resevwa plis Prim “National Magnet Merit” (Magnet Merit Nasyonal) pase nenpòt lòt distri lekòl. Nou ankouraje elèv yo pwofite opòtinite sa a e enskri jodi a nan youn nan pwogram Magnet M-DCPS yo ki gen renome, ki inovatif e pwogresif.

 

Pou plis enfòmasyon, kontakte biwo “School Choice and Parental Options” (Chwa Lekòl ak Opsyon Paran) nan 305-995-1922 oubyen vizite sit entènèt magnet la nan www.miamimagnets.org e suiv nou sou medya sosyal nan @miamimagnets.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

23-VSP/50/HD/RD

Follow us