Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
1/13/2023
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

To Gradyasyon M-DCPS pou 2021-2022 Depase To Nou Te Genyen Avan Pandemi an

To gradyasyon lekòl segondè “Miami-Dade County Public Schools’ (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pou ane lekòl 2021-2022 a atenn yon pousantaj enpresyonan 88.2 pousan, ki reprezante yon ogmantasyon 2.6 pwen pousantaj parapò ak to 85.6 pousan nan ane lekòl 2018-2019 la, dènye ane avan pandemi an. Si nou retire lekòl ‘charter’ yo nan kalkil la, to gradyasyon pou lekòl tradisyonèl yo ogmante a 91.9 pousan, ki reprezante yon ogmantasyon 2.7 pwen pousantaj de pousantaj 89.2 pousan (san lekòl ‘charters’ yo) pou ane lekòl 2018-2019 la.  

Anba a n ap jwenn kèk pwen enpòtan nan pèfòmans Distri a:

·         An 2022, M-DCPS te depase to gradyasyon jeneral eta a ki se 88.2 pousan, lè li te depase lòt distri nan eta a avèk chak nan ti gwoup ki vin apre yo: Ispanik, Blan, Nwa, Elèv ki Ap Aprann Anglè, Elèv ki Gen Andikap, ak Elèv ki Ekonomikman Defavorize.

·         Elèv Ispanik yo te ogmante de 2.2 pwen pousantaj konpare ak 2018-19, yo soti nan 86.7 pousan pou rive nan 88.9, e yo depase to eta a ki se 85.9 pousan.

·         Elèv Blan yo te ogmante de 2.7 pwen pousantaj konpare ak 2018-19, yo soti nan 91.8 pou rive 94.5 pousan, e yo depase to eta a ki se 90.6 pousan.

·         Elèv Nwa yo te ogmante de 2.9 pwen pousantaj konpare ak 2018-19, yo soti nan 79.5 pousan pou rive nan 82.4 pousan, e yo depase to eta a ki se 82 pousan.

·         To gradyasyon Distri a pou Elèv ki gen Andikap yo te ogmante de 3.9 pwen pousantaj konpare ak 2018-19, yo soti nan 82.1 pwen pou rive nan 86 pwen, e yo depase to eta a ki se 83.5 pousan.

·         Elèv Ekonomikman Defavorize yo ogmante de 1.7 pwen pousantaj konpare ak 2018-19, yo soti nan 84.9 pousan pou rive nan 86.6 pousan, e yo depase to eta a ki se 83.1 pousan.

·         Elèv ki Ap Aprann Anglè yo ogmante de 0.4 pwen pousantaj konpare ak 2018-19, yo soti nan 74.7 pousan pou rive nan 75.1 pousan, e yo depase to eta a ki se 73 pousan.

 

“Sipèentandan Lekòl yo Dtè Jose L. Dotres di, “To gradyasyon sa a se yon temwayaj pou travay di ak rezistans elèv nou yo, fanmi yo, e sètènman pwofesè yo… malgre fèmti lekòl ak mezi karantèn yo te afekte elèv yo pandan yo te nan 10èm ak 11èm ane, pèseverans yo te pèmèt yo rive nan yon to gradyasyon ki pi wo pase to 2019 la, dènye klas ki te gradye san enpak COVID-19.”

 

Li enpòtan pou nou note, nan ane lekòl 2019-2020 ak 2020-2021, lè to gradyasyon nou yo te 89.6 pousan e 90.1 pousan respektivman, distri yo te jwenn otorizasyon pou yo retire egzijans evalyasyon pou gradyasyon yo ann akò avèk Lòd Depatman Edikasyon Florid 2021-EO-02. Sepandan, yo te retounen avèk egzijans evalyasyon pou gradyasyon yo pou ane lekòl 2021-2022 a.

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

23-VSP/053/JC/CM/RD/SD

Follow us