Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
1/19/2023
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl la Bay Kontra Konstriksyon pou yon Pwojè GOB Ki Evalye a $11.2 milyon

Nan reyinyon mansyèl regilye li a, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la bay JCI International, Inc. yon kontra pou konplete yon pwojè “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) nan Ernest R. Graham K-8 Center ki evalye a apeprè $11.2 milyon.

 

Lekòl la ki te konstwi nan nòdwès Hialeah an 1994, te pote non Ernest "Cap" Graham, ki te sèvi kòm senatè eta a nan fen ane 1930 yo, ki te bati youn nan pi gwo fèm letye nan Florid, epi ki te ede devlope zòn Miami Lakes la. Pitit Graham yo gen ladan pitit gason li, Phil, ki te editè nan Washington Post ak Bob ki te sèvi kòm gouvènè Florid ak kòm Senatè Etazini.

 

Kounye a lekòl la gen 10 bilding, ki chita sou yon teren ki gen apeprè 21 ekta. Etablisman an gen 1,654 plas pou elèv.

 

Dimansyon travay yo pwopoze pou pwojè sa a gen ladan amelyorasyon nan tout kanpous lekòl la tankou inite èkondisyone yo, chofaj elektrik, nouvo sistèm alam detektè dife, ranplasman ray pwotèksyon yo, ranplasman pòt eksteryè, reparasyon selektif miray yo, bouche twou, randuisaj, ak kofraj miray yo. Pwojè sa a gen ladan tou konstriksyon nouvo pasaj pyeton kouvri pou konekte ak zòn pou depoze e vin chèche elèv ki deja egziste yo, retrase teren espò ak zòn rekreyasyon yo, ak refè beton atè nan twa bilding. Yo pral modènize tou bwat asansè nan de (2) bilding.

 

Patisipasyon total sou-konsiltan “S/MBE” (Antrepriz Ti Biznis/Biznis Minoritè):19.64 pousan

Patisipasyon total sou-konsiltan “M/WBE” (Antrepriz Minoritè/Biznis Fi Posede):7.19 pousan

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

23-VSP/55/HD/SD/RD

Follow us