Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
1/20/2023
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County Apwouve Kalandriye Lekòl 2023-2024 la

Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County apwouve kalandriye lekòl 2023-2024 la nan reyinyon li fè chak mwa a, avèk dat lekòl ki ap kòmanse 17 out 2023 pou elèv yo. Kalandriye yo apwouve pou Lekòl Elemantè ak Segondè yo ansanm ak kalandriye lekòl pou adilt/ak fòmasyon pwofesyonèl yo gen ladan yon "Fall Recess" (Vakans Otòn) pou elèv ak anplwaye 10 mwa, nan semèn 20 rive 22 novanm 2023, pandan fèt Thanksgiving nan.

 

Kalandriye lekòl yo fèt gras ak yon kolabarasyon ant ak Komite Travay Pwovizwa Kalandriye Lekòl la ki gen ladan reprezantan Lekòl Leta Miami-Dade County ak sendika ‘United Teachers of Dade’.

 

Pou plis enfòmasyon vizite http://www.dadeschools.net/calendars/.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

23-VSP/058/HD/SD

Follow us