Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
1/31/2023
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Yo Nonmen Don Clerveaux Meyè Pwofesè M-DCPS pou Ane a, Franquiana Williams se Meyè Pwofesè Debitan pou Ane a

Yo nonmen Don Clerveaux, yon pwofesè 5èm ane eskolè Syans ak Syans Sosyal nan Lekòl Elemantè Phyllis Ruth Miller, kòm Meyè Pwofesè Francisco R. Walker nan Miami-Dade County pou Ane 2024 la nan yon seremoni ki te fèt aprèmidi a nan DoubleTree by Hilton Miami Airport & Convention Center.

Se elèv Clerveaux yo, ansyen ak nouvo, ki ba li enspirasyon. Li sèvi avèk vilnerabilite ak enkyetid yo pou konekte ak yo e ede yo leve anpil defi. Kòm yon enstriktè syans, li angaje elèv yo nan eksperyans pratik nan Royal Palm Everglades, ki pèmèt elèv yo wè kijan devwa salklas yo ka vin tounen reyalite lavi. Vizit sa yo te motive lòt pwofesè parèy li yo pou yo vin sètifye pou mennen elèv pa yo nan Everglades.


Depi Clerveaux te rantre ak kantite eksperyans ansèyman sa yo nan Lekòl Leta Miami-Dade County nèf ane de sa, li te kontinye bay elèv li yo travay pou yo ka vin tounen jenerasyon k ap ede sove planèt nou an pou lòt jenerasyon k ap vini yo e li gen konfyans leson klas li yo ap ankouraje elèv li yo pou yo jis fè toutbon.


Moun ki vin an dezyèm pozisyon an se Monique Bryant Clayton, COPE Center North.


Yo te rekonèt tou meyè pwofesè debitan an nan seremoni an.
Pwofesè Debitan pou Ane 2023 a se Franquiana Williams yon pwofesè ki sou dezyèm ane li nan nan Lekòl Elemantè Frederick Douglass. Li ap anseye Lekti ak Gramè Redaksyon nan 4èm- ak 5èm ane eskolè.


Williams, yon gradye ki fyè dèske l soti nan Lekòl Segondè Miami Northwestern, defann valè sitwayènte ak kominote nan kiltive yon anviwònman kote elèv yo ka kenbe otantisite pèsonèl yo e selebre divès kilti yo.

  


Franquiana Williams, Meyè Pwofesè Debitan pou Ane 2023 a

 

Williams angaje paran yo nan konvèsasyon enpòtan pou ranfòse koneksyon ant pwofesè-paran, nan benefis elèv li yo. Li pèsonèlman asire l tou elèv li yo resevwa sipò adisyonèl ak leson patikilye pou kontinye agrandi pwogrè yo.

Soleil Lobato nan Hialeah Middle School pran dezyèm plas la.

Enstitisyon ki patwone evènman an se Univision 23 ak EdFed, Office Depot, United Way of Miami-Dade ak Kendall Toyota, ki pral prezante gayan prim Meyè Pwofesè pou Ane a kle yon machin tounèf. Evènman sa a rive fèt grasa ak patenarya Asosyasyon Administratè Lekòl nan Dade, Konsil PTA/PTSA Miami-Dade County, ak “United Teachers of Dade (UTD)” (Sendika Pwofesè nan Dade).

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


FOTO: 
Don Clerveaux, Meyè Pwofesè Francisco R. Walker pou Ane 2024 la


# # #

23-VSP/064/HD/SD/CM

Follow us