Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
2/17/2023
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

RAPÈL! Fwa Kolèj Nasyonal la Ap Vini Miami, 5 Mas 2023 Enskri Davans sou Entènèt Kounye a!

Reprezantan nan prèske 200 kolèj ak inivèsite ap prezan nan Fwa Kolèj Nasyonal Miami an - nan dimanch 5 mas 2023, pou rankontre elèv ak paran pou pale sou sijè tankou èd finansye, planifikasyon, admisyon ak kondisyon pou pran egzamen.

Fwa sa a, ki gratis, ap fèt kòmanse midi pou 4è nan aprèmidi, nan DoubleTree by Hilton Miami Airport & Convention Center, 711 N.W. 72nd Ave., Miami, FL 33126. Pakin se $7 dola, kach sèlman.

Gen yon Sant Konseye ki ap disponib tou pou pèmèt elèv ak paran yo jwenn opòtinite pou pale avèk pwofesyonèl ki gen fòmasyon nan preparasyon, admisyon ak bousdetid pou kolèj.

Elèv yo ka enskri davans pou fwa a nan www.nacacattend.org/23Miami/begin. Yo ka enprime yon konfimasyon ki kode y ap ka itilize nan Fwa a kòm yon idantifikasyon elektwonik pou mande enfòmasyon nan divès kolèj ak inivèsite ki ap patisipe nan Fwa a.

Se “National Association for College Admission Counseling (NACAC)” (Asosyasyon Nasyonal Konseye pou Admisyon nan Kolèj) ak Lekòl Leta Miami-Dade County ki ap patwone evènman an. Chak ane, òganizasyon ‘NACAC’ òganize fwa nan plis pase 50 vil atravè tout peyi a, ki rasanble 650,000 elèv ak paran.

Pou plis enfòmasyon, vizite www.nacacnet.org. Suiv evènman an sou medya sosyal nan #collegefairmiami.

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres,, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

23-VSP/051/HD/RD/CM

Follow us