Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
2/22/2023
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl la Komisyone Achitèk pou Twa (3) pwojè GOB, e li bay yon Kontra Konstriksyon tou pou pwojè ki Vo $52.7 Milyon

Nan reyinyon regilye li te fè pou mwa sa a, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County a te apwouve rekritman achitèk ansanm ak kontra konstriksyon pou pwojè nan kat (4) lekòl piblik nan Miami-Dade.

 Votè yo te apwouve GOB a an 2012 yon fason ekstrawòdinè pou renove, remodle e ranplase lekòl; ogmante kapasite lekòl yo pou pran plis elèv; amelyore sekirite; e ofri amelyorasyon teknolojik. Anba a n ap jwenn detay sou pwojè yo: 

J.C. Bermudez Doral Senior High SchoolKomisyon Konsèy la komisyone ‘Silva Architects, LLC’ kòm Achitèk/Enjenyè (A/E) pou yon pwojè GOB ki ap fèt an plizyè faz nan objektif pou ajoute 616 plas pou elèv pou yon total 1,822 plas pou elèv. Dimansyon preliminè travay la gen ladan, men li pa limite ak remodlaj, renovasyon nan bilding ki egziste kounye a, konstriksyon yon nouvo bilding 69,000 pye kare, pasaj pou pyeton, yon lakou, ajoute plis espas nan pakin nan, agrandisman sistèm konsèvasyon dlo a, ak lòt travay sou chantye a. 

Alokasyon total - $35.7 milyon                              Pwojè a pwograme pou fini – Septanm  2025

Patisipasyon Total Soutretans “Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)” (Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis): 30 pousan

Patisipasyon Total Soutretans “Minority/Women Business Enterprises (M/WBE)” (Antrepriz Biznis Minoritè/Biznis Fi Posede): 23 pousan

James H. Bright/J.W. Johnson Elementary SchoolKomisyon Konsèy la komisyone ‘Wolfberg Alvarez and Partners, Inc.,’ kòm Achitèk/Enjenyè (A/E) pou yon pwojè renovasyon GOB nan de (2) bilding lekòl la, ki gen ladan 848 plas pèmanan pou elèv. Dimansyon travay la gen ladan, men li pa limite ak ofri yon nouvo abri pou Edikasyon Fizik, yon nouvo pasaj pou pyeton ki kouvri, nouvo kote pou otobis depoze elèv, ranplasman eleman HVAC nan tout lekòl la, ranplasman sistèm anons piblik nan sant medya a, ranplasman yon sistèm chofaj dlo ki pran 80 galon nan zòn administrasyon ak zòn klinik la, ansanm ak travay penti kèk kote sou deyò lekòl la.

Alokasyon total -  $8.6 milyon                                           Pwojè a pwograme pou fini – Jen 2025

Patisipasyon Total Soutretans “Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)” (Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis): 14 pousan

Patisipasyon Total Soutretans “Minority/Women Business Enterprises (M/WBE)” (Antrepriz Biznis Minoritè/Biznis Fi Posede): 19 pousan

Jane S. Roberts K-8 CenterKomisyon Konsèy la komisyone ‘Rodriguez Architects, Inc.,’ kom A/E pou renovasyon nan lekòl la avèk finansman GOB. Lekòl la gen ladan 16 bilding pèmanan ki gen 1,055 plas pèmanan pou elèv. Dimansyon pwojè a gen ladan, men li pa limite ak demolisyon klas pòtab yo ak restorasyon espas la, refè sifas e randui teren jwèt an beton yo, e ranplase poto sipò an fè yo, poto sipò an bwa yo, ansanm ak pano ki nan alantou lekòl la. Ranplasman eleman HVAC nan tout lekòl la, ventilatè plafon yo ak koneksyon ki mennen nan Sistèm Jesyon Ijans la.

Alokasyon total -  $5.5 milyon                                           Pwojè a pwograme pou fini – Mas 2025

Patisipasyon Total Soutretans “Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)” (Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis): 11 pousan

Patisipasyon Total Soutretans “Minority/Women Business Enterprises (M/WBE)” (Antrepriz Biznis Minoritè/Biznis Fi Posede): 16 pousan

South Miami Middle School – Se ‘Veitia Padron, Inc.’ ki resevwa kontra konstriksyon pou renovasyon nan South Miami Middle. Bilding ki la kounye a te bati an 1951, e li genyen aktyèlman yon kapasite 746 plas pou elèv. Dimansyon pwojè a gen ladan, men li pa limite ak, ranplase tout fenèt nan twa bilding, amelyore sistèm HVAC a ansanm ak sistèm ekleraj la,  pentire deyò ak anndan lekòl la, e amelyore sistèm elektrik la.

Alokasyon total -  $2.75 milyon                                    Pwojè a pwograme pou fini – Janvye 2024

Patisipasyon Total Soutretans “Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)” (Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis): 16.97 pousan

Patisipasyon Total Soutretans “Minority/Women Business Enterprises (M/WBE)” (Antrepriz Biznis Minoritè/Biznis Fi Posede): 11.37 pousan

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres,, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

23-VSP/072/HD/CM/RD

Follow us