Nan mitan foto a: Sipèentandan Lekòl yo, Dtè Jose L. Dotres, Manm Komisyon Konsèy Monica Colluci, Chèmann Konsèy Lekòl la
Mari Tere Rojas ak Direktris Lekòl Lamar Louise Curry Middle School, Michele Bush
Ansanm ak elèv yo ak ofisyèl Distri yo pou seremoni koupe riban an.
“Miami-Dade
County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), “the College
Football Playoff Foundation and the 2021 College Football Playoff National
Championship Game (CFPNCG) Host Committee” (Komite Akèy Chanpyona Eliminatwa
Foutbòl Kolèj Nasyonal pou ane 2021 an) te devwale yon sant medya tounèf nan
lekòl Lamar Louise Curry Middle madi a, ki ranpli ak ekipman “virtual reality
(VR)” (reyalite vityèl).
Lekòl Lamar
Louise Curry Middle School se youn nan 16 lekòl mwayen piblik nan Miami-Dade ki
gen sant medya yo te transfòme pou vin tounen espas inovatif ki gen anpil
teknoloji pandan de (2) ane ki sot pase yo. Kat lekòl ki rete yo pral anonse
nouvo pwojè yo nan fen ane lekòl sa a.
Apre seremoni
an, elèv yo te gen opòtinite pou teste kèk nan 25 kas ‘VR’ yo, ki kounye a fè
pati espas inovatif sant medya a.
Jonathan Gonzalez, yon elèv klas sizyèm ane di, “Mwen panse se vrèman enteresan. M ap gade efè mayetik latè ak solèy la, kijan patikil ki gen chaj elektrik yo afekte tè a.”
Nicholas Boue-Varela,
yon elèv klas sizyèm ane nan Lamar Louise Curry Middle School,
ap eseye youn nan nouvo
kas ‘VR’ yo sant medya a.
Anplis de espas
travay inovatif yo te kreye nan kad efò sa a, yo te ekipe sant medya a ak nouvo
tab, chèz ajistab ak kapèt. Genyen tou yon ‘Share Wall’, kote elèv yo ka ekri mesaj
pou kolabore sou yon leson oswa pou reponn kesyon ki afiche sou pòs la pou
tcheke ak eksprime jan yo santi yo nan yon jou an patikilye.
Direktris lekòl
Lamar Louise Curry Middle, Michele A. Bush deklare, "Timoun yo pral santi
yo alèz isit la, yo ka detann yo epi jwe jwèt. Timoun kounye a diferan, yo vle
patisipe nan diferan fason pou aprann. Fason yo renove sant medya kounye a
akomode bezwen sa yo.”
Evènman sa a fè
pati yon patenarya $2 milyon dola ant twa antite pou sipòte inisyativ “Middle
School Redesign (MSR)” (Redevlopman Lekòl Mwayen) Distri a, ki fèt pou satisfè
bezwen patikilye pwofesè yo ak elèv yo.
Sipèentandan
Lekòl yo Jose L. Dotres, Manm Konsèy Lekòl pou Distri 8 Monica Colucci, Chèmann
Komisyon Konsèy Lekòl la Mari Tere Rojas, Direktè Egzekitif CFPNCG a Britton
Banowsky, Ofisyèl Anchèf Komite Orange Bowl la Eric Poms, Manm Komite Orange
Bowl la ak ansyen Prezidan Jeff Rubin te patisipe nan seremoni koupe riban an.
Pou dènye
enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a
9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa
sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools
la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv
nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
23-VSP/75/AR/RD/CM