Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
3/17/2023
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl la Komisyone De (2) Konpayi Achitekti Pou pwojè GOB ki Vo $11.6 milyon

Nan reyinyon regilye li chak mwa a, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County te komisyone de (2) konpayi achitekti pou pwojè “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) finanse nan lekòl Miami Arts Studio (MAS) 6-12 nan Zelda Glazer ak Palm Springs Middle School ki vo apeprè $11.6 milyon dola.

 

Se KVH Architects, P.A. ki te resevwa kontra a kòm achitèk/enjenyè ofisyèl pou yon nouvo salklas ak espas pou edikasyon fizik nan lekòl Miami Arts Studio 6-12 nan Zelda Glazer. Lekòl sa a ki te bati an 2006 nan rejyon sid la, lekòl la gen aktyèlman uit bilding ak 1,538 plas pou elèv.

 

Dimansyon travay la gen ladan, men li pa limite a: yon nouvo bilding salklas/laboratwa pou akomode 204 plas adisyonèl pou elèv, yon espas pou Edikasyon Fizik ak yon pasaj pyeton ki kouvri pou konekte nouvo bilding nan ak sa ki deja egziste yo. Pwojè sa a gen ladan tou pou remodle kat salklas pou vin tounen de (2) laboratwa pratik, ‘‘moot court’’ (fo tribinal pou elèv fè pratik) ak yon sal konferans/deliberasyon. Nouvo konstriksyon an pral entegre yon panno solè fotovòltayik sou twati kay la ki pral kapte rayon solèy la pou pwodui enèji renouvlab.

 

Patisipasyon Total Soutretans “Minority/Women Business Enterprises (M/WBE)” (Antrepriz Biznis Minoritè/Biznis Fi Posede): 19.5 pousan

 

Patisipasyon Total Soutretans “Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)” (Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis): 13 pousan

 

Alokasyon total pwojè a - $ 6.4 milyon                             Pwojè a pwograme pou fini – Avril 2025

 

Komisyon Konsèy Lekòl la te komisyone tou Laura M. Perez & Associates, Inc. pou yon pwojè renovasyon nan Palm Springs Middle School ki vo apeprè $5.2 milyon dola. Lekòl la ki te bati nan West Hialeah an 1957 e ki te fè plizyè adisyon nan ane pase yo, gen 1,336 plas pou elèv.

 

Dimansyon travay gen ladan men pa limite a: ranplasman kèk fenèt aliminyòm yo chwazi, sistèm ‘HVAC’ (Chofaj, Vantilasyon ak Klimatizè), planche, kabinèt nan salklas ak laboratwa, ranplasman sistèm alam dife ak ekleraj ijans, ak pentire deyò lekòl la nan kèk kote yo chwazi. Pwojè sa a gen ladan tou amelyorasyon sistèm son nan oditoryòm nan, ekleraj ak panèl kontwòl la, ansanm ak amelyorasyon yo chwazi toupatou nan sistèm elektrisite a.

 

Patisipasyon Total Soutretans ‘M/WBE’: 19 pousan

Patisipasyon Total Soutretans ‘S/MBE’: 15 pousan

Alokasyon Total Pwojè a - $5.2 milyon                            Pwojè a pwograme pou fini - Avril 2025

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres,, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

23-VSP/077/HD/RD/SD

Follow us