Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
4/28/2023
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County Dtè. Jose L. Dotres ak Majistra Miami-Dade County Daniella Levine Cava Anonse Fondatè ak CEO Citadel Ken Griffin Fè yon Donasyon $1 Milyon

Sipèentandan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) Dtè. Jose L. Dotres, Majistra Miami-Dade County Daniella Levine Cava ak lòt lidè kominotè lanse “Summer Youth Internship Program (SYIP)” (Pwogram Estaj Ete pou Jèn) yè nan ‘Miami Dade College Padron Campus’, kote yo te anonse fondatè ak Direktè Jeneral Citadel Ken Griffin fè donasyon $1 milyon pou ede finanse pwogram sa a nan ete sa a.

Sipèentandan Dotres di, “Sa a se vrèman yon jou enteresan e nou pral lanse pi gwo Pwogram Estaj Ete pou Jèn yo nou poko janm genyen, e nou fè tout sa gras ak angajman enkwayab kèk patnè ektrawòdinè... "Patnè sa yo anbrase elèv nou yo epi yo ouvri pòt yo pou yo gen eksperyans yo bezwen pou yo fè siksè pandan n ap antre nan yon avni briyan isit la nan pwòp vil nou an.

 

M-DCPS fè patenarya avèk ‘The Children’s Trust’, Konte Miami-Dade, ‘CareerSource South  Florida’, ‘EdFed’ ak ‘Foundation for New Education Initiatives’ pou ofri estaj senk semèn nan, ki ap disponib pou elèv 10èm rive 12èm ane ki konplete pwosesis aplikasyon an 26 me  oubyen avan. Avèk nouvo donasyon sa a, finansman pou pwogram ete sa a ogmante pou plis pase $6 milyon, ki pèmèt pwogram nan resevwa plis elèv pase avan.  

 

Majistra Levine Cava deklare, “Bonjan donasyon sa a pral pèmèt plis elèv devlope ladrès yo e resevwa eksperyans pratik ki ap prepare yo pou travay ak nouvo ekonomi an nan lavni… Konte Miami-Dade ap sipòte Pwogram Estaj pou Jèn yo depi yo te lanse li e mwen kontan anpil pou m kenbe angajman sa a e kontinye envesti nan jèn nou yo.”

 

Envestisman $1 milyon sa a n ap ajoute li sou $5 milyon patnè nou ki la depi lontan te ba nou pou pèmèt SYIP kenbe pandan uit ane.  

 

Sipèentandan Dotres mansyone tou M-DCPS pap sèlman enplemante pwogram nan men li fyè tou pou li envesti ladan pou chak elèv ki vle patisipe nan pwogram estaj la gen opòtinite pou fè sa.  

 

SYIP ap planifye pou konekte 700 anplwaye ki enskri jiskaprezan avèk anviwon 3,000 elèv lekòl segondè nan ete sa a. Elèv yo ap travay an mwayèn 30 èdtan pa semèn, senk jou pa semèn. Y ap peye yo, e y ap resevwa yon kredi lekòl segondè. Elèv yo ka resevwa tou kredi anwolman doub si yo ranpli kondisyon ‘Miami-Dade College’ oubyen ‘Florida International University.’   

 

 

 

James Haj, Prezidan & Direktè Jèneral ‘The Children’s Trust’ di, "Nou ka ba nou enfòmasyon, nou ka ba nou done estatistik, nou ka ba nou tout kalite chif. Nou anplwaye estajyè yo tou, e lè nou wè pwosesis senk semèn sa a ki kòmanse lè yo antre nan pòt la e y ap devlope ladrès anplwaye bezwen pou yo vin kwè nan tèt yo, se yon bagay ekstrawòdinè e li enspire nou. Nou pa ka tann pou nou fè pwogram sa a ankò nan ete sa a.” James Haj mansyone objektif final la, avèk envestisman fiti patnè nou yo ap pote nan lavni se double kantite estajyè n ap mete chak ane a 6,000 pandan kèk ane ki ap vini yo.

 

Elèv ki ap patisipe nan SYIP yo ap travay nan yon varyete domèn tankou biwo avoka ak konpayi jeni, biwo atravè Konte Miami Dade ak divès sant gadri. Se pwogram nan ki ap peye estajyè yo, se pa anplwayè ki ap patisipe yo.  

 

Nigel Williams, yon elèv 10èm ane di, “Mwen te travay nan Chai Tees pandan ete ki sot pase a e mwen te aprann ladrès pou kominike avèk efikasite ansanm ak rezo, pou m site sa yo sèlman… Mwen te aprann kijan pou m konpòte m pwofesyonèlman, pou m kolabore avèk kolèg travay mwen pandan senk semèn, e kounye a mwen ka rele yo zanmi.”

Ane pase, te gen 2,729 elèv ki soti nan 65 lekòl ki te patisipe nan estaj yo avèk 695 anplwayè. M-DCPS ansanm ak patnè li yo te envesti $4.7 milyon nan pwogram nan

Pou plis enfòmasyon konsènan SYIP, tanpri rele 305 693-3005 oubyen vizite miamiinterns.org.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres,, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

23-VSP/092/AR/SD/CM/RD

Follow us