Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
5/5/2023
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Te Fè Yon Seremoni Lansman Konstriksyon Pou Yon Nouvo Bilding Twa Etaj nan Herbert A. Ammons Middle School


Nan mitan foto a - Raul F. Perez, Direktè Konsepsyon/Konstriksyon Etablisman yo; Mary Blanco, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Distri 7 la, ak Sipèentandan Rejyon Sid Rafael A. Villalobos ansanm avèk administratè distri ak pwofesè yo pou lanse pwochen faz konstriksyon nouvo lekòl Mwayen Herbert A. Ammons la.

 

Ofisyèl “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) yo te reyini yè maten pou lanse kòmansman travay konstriksyon pou yon nouvo bilding twa etaj, 113,065 pye kare, ki ekipe ak pano solè. Direktè Konsepsyon/Konstriksyon Etablisman yo Raul F. Perez, Sipèentandan Rejyon Sid la Rafael A Villalobos, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Distri 7 Mary Blanco, Direktris Lekòl Mwayen Ammons Maria Costa ansanm ak reprezantan Distri a ak konstriksyon, anplwaye ak elèv yo te rasanble pou seremoni an.

 

Se konpayi ‘Florida Lemark Corporation’ ki te resevwa kontra konstriksyon pou pwojè sa a ki vo $39.9 milyon dola, ki pral gen ladan plas pou 1,337 elèv nan kanpous lekòl la ki sitiye nan sid Miami-Dade County.

 

Lekòl la te louvri an 1997, se te premye pwogram Bakaloreya Entènasyonal konplè yo te otorize nan konte a pou tout lekòl la nan nivo klas mwayen yo. Nouvo etablisman an pral gen ladan salklas jeneral, laboratwa pou devlopman konpetans/ar/mizik, yon kuizin/espas pou prepare manje, biwo administratif, twalèt pou elèv/anplwaye yo, ‘CCTV’ (Sistèm Siveyans Sikui Fèmen) ak kontwòl aksè, Sistèm ‘HVAC’ (Chofaj, Vantilasyon ak Klimatizè), liy pou paran/otobis depoze e vin chèche elèv, pakin ak jaden.

 

Pwojè bon lekòl yo se rezilta apwobasyon 1.2 milya dola votè yo te apwouve pou “General Obligation Bond” (Bon Obligasyon Jeneral) la. Nou sèvi ak bon sa yo pou modènize ak konstwi lekòl atravè Distri a; ogmante kapasite lekòl yo pou pran plis elèv; amelyore sekirite; e ofri amelyorasyon teknoloji nan tout lekòl.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.

 

# # #


# # #

23-VSP/094/HD/RD/SD

Follow us