Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
5/12/2023
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Kòmanse Enskripsyon pou Pwogram ‘Summer 305’ la: Eksplore, Fè Eksperyans e Briye!

Lekòl Leta Miami-Dade County (M-DCPS) anonse lansman pwogram enteresan pou ane sa a Summer305: Eksplore, Fè Eksperyans, e Briye! Pwogram inovatif sa a bay elèv nan tout nivo klas yo opòtinite pou anrichisman ak entèvansyon akademik ki nesesè, enteresan e amizan. Atravè patenarya nou fè avèk etablisman atistik ak kiltirèl lokal yo, sèvis sante mantal ak pwogram kiltirèl yo, elèv yo pral jwenn aksè a yon seri sèvis konplè.

 

Enskripsyon pou pwogram Summer305 2023 a kòmanse lendi 8 me, epi l ap fini mèkredi 7 jen pou elèv M-DCPS, soti klas jadendanfan rive 12èm ane. Ane sa a, tout elèv dwe enskri nan lekòl yo.

 

Pwogram Summer305 2023 pou elèv Sant K-8 yo ap dewoule soti 20 jen rive 25 jiyè, e elèv nan klas 9èm rive 12èm ane yo ap kòmanse 12 jen rive 18 jiyè, sa ofri divès kalite pwogram nan lekòl M-DCPS yo ak plis pase 300 kan òganizasyon ‘The Children's Trust’ la ap patwone. Elèv yo ka atann pou yo jwenn opòtinite aprantisaj pratik ak bonjan eksperyans ki pral ekspoze yo nan atizaj ak kilti, anplis de ansèyman lekti adisyonèl, ratrapaj kou yo rate, ak kou obligatwa pou gradyasyon.

 

Yon fwa ankò, M-DCPS fè patenarya dirèkteman ak òganizasyon The Children's Trust la pou bay elèv yo pwogram akademik ak pwogram anrichisman pou ete a. N ap mete disponib pwofesè M-DCPS ki sètifye nan tout kan ete The Children's Trust patwone yo pou bay elèv nou yo ansèyman akademik nan lekti ak matematik ansanm ak sipò pou preparasyon egzamen ACT ak SAT yo. Patenarya sa a pral ogmante chwa pou elèv yo epi ede diminye pèt aprantisaj pandan vakans ete a, lè li ofri aktivite akademik ak pwogram anrichisman pou estimile lespri, kè ak kò yo.


Pami chwa pou elèv ki nan klas matènèl rive 5èm ane eskolè yo ap genyen “Smart Start Elementary Camps” (Kan Elemantè ‘Smart Start’) tankou “Hands-on STEAM” (Pratik STEAM), “Math & Reading Foundations” (Fondasyon Matematik & Lekti), “Summer Reading Camps” (Kan Lekti pandan Ete a), “Summer Arts Programs” (Pwogram Ar pandan Ete a), “Extended School Year (ESY) Program” (Pwogram Pwolongasyon Ane Lekòl la), “Tomorrow’s Leaders Camp” (Kan pou Fiti Lidè yo), ak “Newcomer Language Camp” (Kan Lang pou Nouvo Elèv Etranje).


N ap ofri konsèp ‘Smart Start Camp’ la pou elèv primè ak segondè e sa pral ofri yon opòtinite san parèy pandan ete a. Elèv yo pral kontinye aprantisaj yo ak devlopman yo atravè aktivite amizan e enteresan. Yo pral patisipe nan pwogram lekòl ki pral adrese kontinyasyon nan aprantisaj matematik ak lekti ki pral prepare yo pou pwochen nivo klas yo. Elèv k ap patisipe yo pral angaje yo tou nan pwogram “STEAM Investigations/Challenges” (Envestigasyon/Defi STEAM).

 

“The Newcomer Summer Language Camp” (Kan Ete Lang pou Nouvo Elèv Etranje a) se yon pwogram endepandan ki ofri elèv ki enskri nan klas ESOL Premye Nivo pou yon ane oswa mwens nan tout nivo klas yo opòtinite pou yo devlope konpetans langaj yo lè yo koute, pale, li ak ekri pou devlope konfyans yo nan kominikasyon ann Anglè. Kan Ete Lang pou Nouvo Elèv Etranje a pral ankouraje tou konsyantizasyon kiltirèl ak konpreyansyon.

Elèv lekòl mwayen yo kapab patisipe nan “Smart Start Teen Camp” (Kan ‘Smart Start’ pou Adolesan), “The Newcomer Summer Language Camp” (Kan Ete Lang pou Nouvo Elèv Etranje a), “Middle School Course Recovery” (Rekiperasyon Kou nan Lekòl Mwayen), yon pwogram “Career Technical Education (CTE) Summer Program” (Pwogram Edikasyon Teknik ak Pwofesyonèl pandan Ete a), ak “Speak Up! Summer Camp” (Kan ete “Speak Up!” (Pale!)).

 

Pami pwogram lekòl segondè yo genyen “Summer Youth Internship Program (SYIP)” (Pwogram Estaj pou Jèn pandan Ete a), “High School Credit Recovery” (Ratrapaj Kredi Lekòl Segondè), “The Newcomer Summer Language Camp” (Kan Ete Lang pou Nouvo Elèv Etranje a), “Driver’s Education” (Pwogram Oto-Ekòl), ‘Speak Up! 2023 Virtual Creative Writing Summer Camp’ (Kan Ete Vityèl Redaksyon Kreyatif 2023 Pale!), ‘CTE Summer Programs’, “Dual Enrollment” (Anwolman Doub), “Algebra 1 EOC (End of Course) Prep Home Connections” (Koneksyon Lakay pou Preparasyon Egzamen Fen Kou Aljèb 1) ak “ACT/SAT Prep Home Connections” (Koneksyon Lakay pou Preparasyon Egzamen ACT/SAT).

 

“The Summer Youth Internship Program (SYIP)” (Pwogram Estaj Jèn pandan Ete a) bay elèv yo eksperyans konkrè, pratik ansanm ak opòtinite pou devlope relasyon pwofesyonèl. Pwogram sa a ap fèt soti 3 jiyè rive 7 out. Eksperyans estaj yo konekte ak objektif karyè elèv yo alavni pou fè aprantisaj vin pi enteresan e pi enpòtan. Antrepriz ki anplwaye elèv yo kòm estajyè yo benefisye de efò jèn travayè sa yo ki enterese, prepare e ki gen anpil konsyans, epi antrepriz sa yo gen opòtinite pou fòme ak rekrite yo kòm anplwaye alavni.

 

Tout elèv lekòl segondè ap gen aksè a kou sou entènèt ki fèt espesyalman pou yo leson patikilye ak preparasyon pou egzamen ACT ak SAT yo ka pran nan sezon otòn nan. Leson yo ap sou Pòtal Distri Elèv la pou yo ka jwenn aksè sou yo fasilman.

 

N ap bay transpò pou elèv ki satisfè kondisyon kalifikasyon yo, epi n ap bay manje maten ak manje midi gratis. Anplis, n ap ofri elèv yo sèvis sipò sosyo-emosyonèl ak sèvis sante mantal nan tout nivo klas yo.

Pou plis enfòmasyon e pou w enskri, vizite :https://summer305.dadeschools.net/#!/fullWidth/4245

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

23/095/HD/RD/CM

Follow us