Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
5/12/2023
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Onore Meyè Direktè ak Asistan Direktè Lekòl pou Ane a

       

Nan foto a, sou bò goch: Meyè Direktè Lekòl pou Ane 2023 a, Leonardo Mouriño

e sou bò dwat: Meyè Asistan Direktè Lekòl pou Ane 2023 a, Dtè. Elvira Ruiz-Carrillo

 

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) te onore meyè administratè nan seremoni prim anyèl Meyè Direktè ak Asistan Direktè Lekòl pou Ane a, “Dade Association of Schools Administrators (DASA)” (Asosyasyon Administratè Lekòl nan Dade) patwone. Evènman an te fèt nan DoubleTree by Hilton Hotel.

 

Se Direktè Lekòl Morningside K-8 Academy, Leonardo Mouriño, ki ranpòte prim Meyè Direktè Distri a pou Ane a. Mouriño se yon edikatè nan M-DCPS depi anviwon 30 ane. Li te kòmanse anseye nan klas jadendanfan ak premye ane nan lekòl Rainbow Park Elementary. Apre twazan, li te pran pwomosyon pou monte nan wòl asistan direktè kote li te premye sèvi nan lekòl Highland Oaks Middle. Li travay kòm asistan direktè nan plizyè lekòl pandan 22 ane. Mouriño te resevwa pwomosyon kòm direktè lekòl Morningside K-8 Academy e se la li ye depi senk dènye ane pase yo.

 

Yo te rekonèt tou Dtè. Elvira Ruiz-Carrillo, nan Lekòl North Miami Senior High kòm Meyè Asistan Direktè pou Ane a. Dtè Ruiz-Carrillo te kòmanse karyè li nan M-DCPS an 1999 kòm pwofesè. An 2003, li te kòmanse travay kòm yon espesyalis pwogram e l rete nan pozisyon sa a pandan twa ane. Dtè Ruiz-Carrillo te pran pwomosyon monte nan wòl Asistan Direktè an Oktòb 2006 e li te pase prèske 12 ane nan wòl sa a anvan yo li monte nan wòl Direktè Adjwen an 2018.

 

Gayan Meyè Direktè pou ane a ap resevwa yon prim $2,000 kach ak yon lokasyon vwati pou twazan konpayi Toyota of North Miami patwone. Gayan Meyè Asistan Direktè pou Ane a ap resevwa yon prim $1,500 lajan kach ak yon televizyon 65 pous konpayi Aflac ap bay.

 

Evènman sa a te posib gras ak patenarya ak sipò antrepriz tankou: Equitable, All Here, Toyota of North Miami, Delta Dental, EdFed, BENCOR, School Specialty, Hand2Mind ak Corebridge Financial.

 

Yo te rekonèt nan seremoni an tou moun ki pran Dezyèm Plas pou Meyè Direktè Lekòl la Dtè. Cynthia Clay, nan lekòl Dtè Robert B. Ingram Elementary, ak moun ki pran Dezyèm Plas pou Meyè Asistan Direktè Lekòl la, Dtè. Dana E. Baugh, nan lekòl Mandarin Lakes Academy K-8.


Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

23/VSP/097/HD/RD/CM

Follow us