Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
5/19/2023
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl la Apwouve Kontra Konstriksyon pou De Pwojè GOB ki Vo $27.1 Milyon

Nan reyinyon regilye li fè chak mwa a Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la apwouve kontra konstriksyon pou pwojè “General Obligation Bond (GOB)” (Bon Obligasyon Jeneral) nan lekòl North Miami Beach Senior High ak Flamingo Elementary ki vo $27.1 milyon.

 

Votè yo te apwouve GOB a an 2012, yon fason ekstrawòdinè, pou renove, remodle e ranplase lekòl; ogmante kapasite lekòl yo pou pran plis elèv; amelyore sekirite; e ofri amelyorasyon teknolojik.

North Miami Beach Senior High School – Se ‘JRT Construction’ ki resevwa kontra pou fè renovasyon atravè kanpous Lekòl Segondè North Miami Beach. Lekòl sa a, ki te bati an 1971, gen ladan sèt bilding e li gen 2,632 plas pou elèv.

Dimansyon travay la gen ladan nouvo laboratwa pou òdinatè, klas wobotik ak ‘AP Capstone’; yon nouvo antre avèk yon ranp akseblite pou ADA, kloti pou pwopriyete a,  afich ak siyalizasyon ADA atravè kanpous la. Renovasyon yo ap gen ladan tou amelyorasyon nan sistèm HVAC ak alam sekirite a, ranplasman plafon akoustik ak planche kèk kote nou chwazi.

Alokasyon total pou pwojè a - $16.5 milyon        Li pwograme pou fini – Out 2024

 

Patisipasyon Total Soutretans “Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)” (Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis): 19.22 pousan

 

Patisipasyon Total Soutretans “Minority/Women Business Enterprises (M/WBE)” (Antrepriz Biznis Minoritè/Biznis Fi Posede): 8.33 pousan

 

Flamingo Elementary School – Se ‘Magnum Construction Management’ ki resevwa kontra pou fè renovasyon avèk fon ki soti nan Bon Obligasyon Jeneral (GOB) a, nan Lekòl Elemantè Flamingo ki lokalize nan zòn lès Hialeah. Lekòl sa a, ki te bati an 1957, gen ladan kounye a sèt bilding pèmanan avèk 866 plas pou elèv.

 

Dimansyon travay la gen ladan demolisyon yon bilding ak yon klas pòtab. Y ap enstale eleman sa yo: pasaj pou pyeton ki kouvri nan de (2) bilding, afich ak siyalizasyon; teren jwèt, elevatè podyòm pou ADA, fontèn dlo wo/ba pou ADA nan kat bilding, ekleraj pou podyòm nan twa bilding, tout HVAC yo nan kat bilding, yo pral remodle kèk pòsyon nan bilding kat la pou l tounen salklas Matènèl.

 

Alokasyon total pou pwojè a - $10.6 million       Li pwograme pou fini – Janvye 2025

 

Patisipasyon Total Soutretans “Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)” (Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis): 14.15 pousan

 

Patisipasyon Total Soutretans “Minority/Women Business Enterprises (M/WBE)” (Antrepriz Biznis Minoritè/Biznis Fi Posede): 15.56 pousan

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou Twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

23-VSP/099/HD/CM/RD

Follow us