Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
8/18/2023
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Komisyon Konsèy Lekòl la Apwouve Kontra Konstriksyon pou Pwojè GOB nan Pine Lake Elementary ki Vo $4.3 Milyon

Nan reyinyon regilye li fè chak mwa a, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la akòde yon kontra konstriksyon bay konpayi Carivon Construction Company pou fini yon renovasyon pwojè "General Obligation Bond (GOB)" (Bon Obligasyon Jeneral) nan lekòl Pine Lake Elementary School ki vo $4.3 milyon.

 

Lekòl Elemantè Perrine Pine Lake ki lokalize nan S.W. 109th Avenue te konstwi an 1976 sou yon teren 9.5 ekta. Kanpous la kounye a gen kat bilding pèmanan. Lekòl la gen 648 plas elèv.

 

Dimansyon travay yo pwopoze pou pwojè sa a gen ladan yon nouvo pasaj pyeton ki kouvri nan antre lekòl la; ranplasman asfalt pasaj pyeton ak pasaj beton pou ale nan abri Edikasyon Fizik la ak lakou rekreyasyon yo; ranplasman selektif fenèt aliminyòm, plafon ak planche. Yo enkli tou renovasyon nan sistèm alam dife/sekirite yo, ak ranplasman eleman ak kontwòl HVAC yo, sistèm twati a, kanalizasyon dlo pou sèvi, ak aparèy chofaj dlo cho.

 

Alokasyon total pou pwojè a - $4.3 milyon                      Li pwograme pou fini – Out 2025

 

Patisipasyon Total Soutretans “Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)”

(Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis): 27.29 pousan

 

Patisipasyon Total Soutretans “Minority/Women Business Enterprises (M/WBE)” (Antrepriz Biznis Minoritè/Biznis Fi Posede): 17.04 pousan


Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X, ki te rele twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

23/VSP/012/HD/SD/RD

Follow us