Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/2/2023
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Enskripsyon Ouvri pou plis Pase 375 Pwogram Magnet Kòmanse 1ye Oktòb

‘‘Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)’’ (Lekòl Leta Miami-Dade County) kòmanse aksepte aplikasyon pwogram Magnet pou ane lekòl 2024-2025 la, depi 1ye oktòb 2023. Aplikasyon yo disponib nan miamimagnets.org jiska 15 janvye 2024.

 

Sa ki nouvo pou ane sa a, nou ap aksepte tout aplikasyon yo sèlman atravè Pòtal Paran an ki lokalize nan Dadeschools.net. Nou pap aksepte aplikasyon sou papye. N ap mande pou fanmi yo siyen nan Pòtal Paran an lè yo sèvi avèk idantifikasyon ‘Google’ oswa ‘Apple’ yo, menmsi yo genyen oswa yo pa genyen yon elèv ki deja enskri nan M-DCPS. Nou ap ankouraje fanmi yo pou yo chwazi senk pwogram lè y ap aplike pou ogmante chans pou chwazi yo epi bay pitit yo plis chwa. Pou enstriksyon etap pa etap sou fason pou w aplike, vizite: Aksè nan Pòtal Paran an.

 

Pandan 50 ane ki sot pase yo, M-DCPS bay yon kalite edikasyon siperyè ki enspire, defye, ak prepare elèv yo pou reyisit nan mond sa a k ap chanje tout tan atravè pwogram Magnet yo. Ane sa a, nou ofri plis pase 375 pwogram Magnet pou tout nivo ane eskolè ki pral ofri kou espesyalize ak seksyon etid tematik inik ki fèt pou satisfè enterè espesyal, talan, ak kapasite elèv yo. Enskripsyon ouvri pou tout elèv ki satisfè demand kalifikasyon yo, kèlkeswa kòd postal yo.

 

Atravè pwogram Magnet M-DCPS yo, elèv yo prepare pou briye e eksele nan edikasyon apre lekòl segondè ak nan andwa travay yo, ki fè l tounen meyè chwa pou edikasyon nan Miami-Dade. Kèk nan pwogram ki disponib yo gen ladan, STArts ak STArts2 (Syans, Teknoloji ak Eksplorasyon Ar & pwogram Inovasyon avèk yon anfaz sou Ar Vizyèl/Grafik Dans/Mouvman Kenetik, oswa Pwodiksyon Mizik Dijital), Jwèt/Desen ak Animasyon, Kodaj ak Devlopman Aplikasyon avèk Apple™, Jistis Kriminèl, Komès Mondyal ak Lojistik, Konstriksyon ak Teknoloji Plan Konstriksyon, pou nou site sa yo sèlman!

 

Pou plis enfòmasyon, silvouplè rele 305-995-1922 pou pale ak yon anplwaye nan pwogram Magnet la oswa vizite miamimagnets.org.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6è diswa sou RCH 23 1610AM. Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, ansyen Twitter nan, @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools ak @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

23-VSP/020/HD/SD/RD

Follow us