Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/4/2023
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Twa Lòt Lekòl M-DCPS Resevwa Deziyasyon "Magnet School Standards of Excellence" (Estanda Ekselans pou Lekòl Magnet)

Òganizasyon nasyonal “Magnet Schools of America (MSA)” a, ki reprezante plis pase 4,000 lekòl ak pwogram Magnet, anonse dènye lis pou lekòl magnet ki sètifye nasyonalman pou ane 2023 a. “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) gen ladan sis lekòl ki rive nan pi wo nivo sètifikasyon “National ‘Demonstration’ Magnet School” (Lekòl Magnet Nasyonal ki sèvi kòm Modèl Nasyonal), e twa nan lekòl sa yo ki nouvo nan pwosesis sètifikasyon an, te atenn pi wo nivo sa a nan premye tantativ yo.

 

An total, tout 15 lekòl magnet ki te patisipe nan pwosesis evalyasyon rijid e konplè sa a te resevwa sètifikasyon nasyonal nan men òganizasyon ‘Magnet Schools of America’. Sa fè M-DCPS gen yon total 22 Lekòl Magnet Nasyonal Sètifye ki sèvi kòm Modèl ak 13 Lekòl Magnet Nasyonal ki Sètifye.

 

Pwosesis sètifikasyon Magnet la bay lekòl Magnet ki etabli “Magnet School Standards of Excellence” (Estanda Ekselans pou Lekòl Magnet) akreditasyon nasyonal ofisyèl. Yo te kreye deziyasyon sa a pou rekonèt pwogram Magnet ki pi egzanplè yo. Lekòl sa yo te konplete avèk siksè yon pwosesis evalyasyon pandan nèf mwa epi yo demontre, atravè 400 modèl, refleksyon ak aksyon estratejik ke yo te satisfè kondisyon pou Estanda Ekselans pou Lekòl Magnet nan lekòl yo.

 

Pandan n ap komemore 50 ane pwogram chwa lekòl yo atravè pwogram Magnet nou yo, reyalizasyon prim sa a solidifye pozisyon nou plis toujou kòm pi bon chwa nan edikasyon pou pitit ou nan Miami-Dade, ki san dout montre angajman nou pou bay pi bon kalite opsyon nan edikasyon nan rejyon an.

 

Men lis Lekòl Magnet k ap resevwa sètifikasyon nasyonal pou ane sa a:

 

Lekòl Magnet Nasyonal Sètifye

Lekòl Magnet Nasyonal Sètifye ki sèvi kòm Modèl

 

LEKÒL

DIREKTÈ/DIREKTRIS

 

ELEMANTÈ

·          

Dr Henry E. Perrine Academy of the Arts (Sètifye 2018, Modèl 2023)

Barbara Léveillé-Brown

 

SANT K-8

 

·          

South Miami K-8 Center (Sètifye 2019, 2023)

Evie Mayor

 

MWAYEN

·          

Howard McMillan Middle School (Modèl 2019, 2023)

Dtè. Justin Koren

 

·          

Lamar Louis Curry Middle School (Modèl 2019, 2023)

Michele Bush

 

·          

Ponce de Leon College (Modèl 2019, 2023)

Anthony Balboa

 

·          

Shenandoah Middle School (Modèl 2019, 2023)

Michelle Coto

 

·          

Southwood Middle School (Modèl 2023)

Raúl Garcia

 

SEGONDÈ

·          

Center for International Education (Sètifye 2018, Modèl 2023)

Jennifer Rodriguez

 

·          

International Studies Preparatory Academy (Sètifye 2019, Modèl 2023)

Dtè. Alina Diaz-Blanco

 

·          

Jose Marti MAST 6-12 Academy (Modèl 2019, 2023)

Jose Enriquez Jr.

 

·          

Law Enforcement Officers’ Memorial High (Sètifye 2018, 2023)

William Aristide

 

·          

Maritime and Science Technology Academy (Modèl 2019, 2023)

Dtè. Cadian Collman

 

·          

Miami Springs Senior High (Modèl 2023)

Nelson Gonzalez

 

·          

South Miami Senior High (Modèl 2023)

Herbert Penton

 

·          

TERRA Environmental Research Institute (Modèl 2019, 2023)

Jose Sirven

 

 

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non Twitter, nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools ak @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

23-VSP/020/HD/RD/CM

Follow us