Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
10/4/2023
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Anonse Orè pou Pwogram Vaksinasyon pou Mwa Oktòb, Pou Elèv K ap Rantre Lekòl, Lè Yo Disponib

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kontinye fè patenarya avèk “University of Miami Health System (UHealth) Pediatric Mobil Clinic” (Inite Pediatrik Mobil Sistèm Sante ‘University of Miami’) pou ofri vaksen obligatwa pou rantre lekòl, vaksen nan kèk andwa lekòl yo chwazi toupatou nan Distri a.

Inite Pediatrik Mobil Sistèm Sante UHealth la ap ofri vaksen obligatwa pou rantre lekòl pou ane eskolè 2023-2024 a ak pou nenpòt elèv ki gen laj lekòl ki manke yon vaksen.

Inite Pediatrik Mobil Sistèm Sante UHealth ak Klinik Sante Lekòl yo ap ofri tou vaksen COVID-19, ki gen ladan vaksen rapèl COVID-19 pou elèv ki elijib yo, ansanm ak vaksen kont grip la.

Pou elèv yo elijib pou vaksen COVID-19 la, yo DWE gen omwen laj sis (6) mwa nan jou y ap resevwa vaksen an. Paran yo dwe ranpli tou yon fòm depistaj ak konsantman pou vaksen COVID-19 la, ki ap disponib nan andwa kote y ap bay vaksen an. Randevou pa nesesè pou resevwa vaksen an, toutotan li disponib.

Nou mete feyè nan atachman an ann Anglè, ann Espanyòl ak an Kreyòl ki gen tout andwa, orè, ak lè ki disponib pandan tout mwa Oktòb nan pou kominote a.

Nou ankouraje paran yo eskane kòd ‘QR’ ki nan feyè yo pou jwenn ak ranpli fòm konsantman yo sou entènèt anvan yo vizite inite mobil la.

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.


Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non Twitter, nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

23-VSP/21/AR/RD

Follow us