Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
11/3/2023
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Lanse Kanpay Konsyantizasyon sou Dwòg 'Fentanyl' pou Edike Elèv yo sou Danje Gwo Dwòg Ilegal Rapid Sa a


Nan mitan foto a w ap wè Chèf Polis Lekòl Miami Ivan Silva, Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl la Mari Tere Rojas,

Ofisye Anchèf Operasyon M-DCPS Luis E. Diaz ak administratè M-DCPS, Fentanyl Fathers CEO Greg Swan

ak Direktris Rejyonal Alyans sou Opyòd pou Sid Florid Lisa Keller

 

Pou asire elèv yo edike sou danje ki genyen nan dwòg mòtèl 'fentanyl' la, "Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta Miami-Dade County) lanse yon Kanpay Sansibilizasyon Edikasyon sou 'Fentanyl' yè maten, nan tout distri a, kanpay sa a ki pral gen ladan rasanbleman nan tout 62 lekòl segondè distri yo ki ap kòmanse semèn pwochèn.

 

Greg Swan ki se fondatè ak PDG òganizasyon 'Fentanyl Fathers' la di, "Pèdi yon timoun se pi gwo doulè yon moun ka janm fè eksperyans. Nou te deside kòm yon fason pou fè terapi patisipe nan solisyon an." Msye Swan ki te pèdi pitit gason li Drew, ki te mouri nan yon twòp dozaj 'fentanyl' di, "Mèsi anpil M-DCPS. Ou pran devan paske ou pa vle sa rive nan lekòl ou yo. Ann asire kanè nòt nou an toujou yon zewo pafè nan fen inisyativ sa a."

 

Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl la, Mari Tere Rojas, te entwodui yon atik nan reyinyon Komisyon Konsèy Lekòl mwa fevriye a ki te mennen nan òganize ak inisye kanpay la.

 

Chèf Polis Lekòl Miami Ivan Silva, administratè M-DCPS, ak Lisa Keller, ki se Direktris Rejyonal pou "South Florida Opioid Alliance" (Alyans sou Opyòd nan Sid Florid), te asiste evènman an pou montre sipò yo pou nouvo kanpay la. Fè rasanbleman pou enfòme elèv lekòl segondè sou danje ki genyen nan dwòg 'fentanyl' la pral prezante yon videyo ki gen enfòmasyon sou dwòg la ak puisans li, ansanm ak temwayaj paran kèk jèn timoun ki mouri nan twòp dozaj 'fentanyl'.

 

Dapre "Drug Enforcement Agency (DEA)" (Ajans pou Kontwòl Dwòg), 'Fentanyl' se sèl dwòg ilegal ki pi mòtèl e ki pi danjre peyi nou an janm genyen. Dwòg la apeprè 50 fwa pi puisan pase ewoyin ak 100 fwa pi puisan pase mòfin.

 

Fentanyl la bon mache, ou jwenn li fasil, ak nati adiksyon li fè dwòg sa a patikilyèman danjre pou elèv lekòl segondè yo, ki ka pran yon twòp dozaj paske yo pa konnen yo melanje lòt dwòg ak 'fentanyl'. Msye Swan te mansyone eta Florid sèlman dezyèm nan lanmò 'fentanyl' apre California nan tout peyi a, avèk 7,800 jèn moun ki mouri chak ane nan twòp dozaj 'fentanyl'.

 

Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl la Mari Tere Rojas te itilize fraz "One pill can kill" (Yonsèl grenn ka touye) pou mete aksan sou enpòtans pou edike elèv yo sou danje 'fentanyl'. Li te note tou chak lekòl M-DCPS gen 'Narcan' ki disponib, medikaman yo itilize pou anpeche lanmò sibit nan twòp dozaj dwòg la. Li di M-DCPS gen chans jiska prezan nou pa gen okenn ensidan ki gen rapò ak dwòg 'fentanyl' la.


# # #

23-VSP/028/AR/SD/RD

Follow us