Nan reyinyon
regilye li fè chak mwa a, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade la akòde de fèm
achitekti ak yon konpayi konstriksyon pou fini pwojè "General Obligation Bond
(GOB)" (Bon Obligasyon Jeneral) nan lekòl Dr. William
A. Chapman House, Dr. Frederica S. Wilson/Skyway Elementary (DFWS), ak Silver
Bluff Elementary ki vo apeprè $23,857,085.00 milyon dola.
Dr. William A. Chapman House – yo komisyone R.E.
Chisholm Architects, Inc., kòm
achitèk/enjenyè (A/E) nan dosye bon an finanse pou restorasyon ak renovasyon istorik
Chapman House ki te konstwi an 1923. Bilding nan, ki gen detay klasik sou gwo
galri a ak fasad devan an, montre egzanp estil achitekti ‘Masonry Vernacular’
ki te genyen nan Dade County nan epòk ane 1920 yo.
Dimansyon travay la gen ladan men li pa
limite a, restorasyon ak renovasyon istorik bilding ki deja egziste a,
ranplasman twati a, sistèm HVAC la, mi enteryè yo, ray mach eskalye yo, ak
planche bwa yo. Yo pral renove sèvis elektrik prensipal la, ekleraj siy ijans yo,
ak sistèm ekleraj la. Yo ap mande A/E yo pou yo prezève valè istorik ak karakteristik
estriktirèl andwa a.
Patisipasyon Total Soutretans "Small/Micro Business
Enterprise (S/MBE)"
(Antrepriz Ti
Biznis/Mikwo Biznis): 14 pousan
Patisipasyon Total
Soutretans “Minority/Women Business Enterprises (M/WBE)” (Antrepriz Biznis
Minoritè/Biznis Fi Posede): 14 pousan
Alokasyon total pou pwojè a - $1,504,350.47 milyon Li pwograme pou fini – Me 2025
Dr. Frederica S. Wilson/Skyway Elementary – yo komisyone Wolfberg Alvarez and Partners, Inc.,
kòm achitèk/enjenyè (A/E) nan dosye pou ranplasman ak renovasyon pasyèl bon an finanse
nan DFWS. Li
te konstwi an 1972, DFWS gen senk bilding ki sitiye nan Miami Gardens.
Dimansyon
travay sa a gen ladan demolisyon ak ranplasman Bilding 1 avèk premye pwototip Lekòl
Leta Miami-Dade County "Net Zero Energy Elementary" (Zewo Netralite Enèji Elemantè). Li gen
ladan kreyasyon yon Pwototip ekosistèm/dirab/wo pèfòmans, konponan
salklas/administrasyon/sant medya pou loje 322 plas pou elèv. Genyen tou de (2) teren tenis, yon teren pou jwe 'golf',
ak sistèm kamera sekirite nan tout kanpous la.
Pwototip Bilding 1 ak Bilding 4
ki egziste deja a dwe efikas nan enèji dirab epi yo dwe pwodui ase enèji nan
sous renouvlab sou plas pou fasilite fonksyonman yo pandan yon peryòd 12 mwa.
Patisipasyon Total Soutretans "Small/Micro Business
Enterprise (S/MBE)"
(Antrepriz Ti
Biznis/Mikwo Biznis): 10 pousan
Patisipasyon Total
Soutretans “Minority/Women Business Enterprises (M/WBE)” (Antrepriz Biznis
Minoritè/Biznis Fi Posede): 20 pousan
Alokasyon total pou
pwojè a - $16,974,031.88 milyon Li pwograme pou fini – Oktòb 2026
Silver
Bluff Elementary – yo komisyone Stonehenge Construction, LLC pou renovasyon pwojè nan
Silver Bluff Elementary. Lekòl la ki te konstwi an 1926, gen limit fontyè li sou
nò ak Southwest 26th Street ak Southwest 25th Avenue West. Kounye a li gen sis
bilding e li gen 629 plas pou elèv.
Dimansyon
travay la gen ladan renovasyon nan tout kanpous la, pentire eksteryè lekòl la,
ak enstalasyon aparèy alam dife adisyonèl ak siy ijans pou sòti. Pami pwojè yo gen
pou ranplase yo gen lakou rekreyasyon an, pòt koulwa yo, HVAC kwizin nan, inite
klimatizè fenèt yo, rido sèn teyat la, ak divès kalite renovasyon.
Patisipasyon Total Soutretans "Small/Micro Business
Enterprise (S/MBE)"
(Antrepriz Ti
Biznis/Mikwo Biznis): 38.55 pousan
Patisipasyon Total
Soutretans “Minority/Women Business Enterprises (M/WBE)” (Antrepriz Biznis
Minoritè/Biznis Fi Posede): 16.29 pousan
Alokasyon total pou
pwojè a - $5,378,702.65 milyon Li pwograme pou fini – Fevriye 2025
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè
branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak
mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, e 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje
aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou
sou X, ki te rele twitter nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
23-VSP/029/HD/SD/RD