Inite Pediatrik Mobil ‘Shots-2-Go’ UHealth la ap ofri vaksen obligatwa pou rantre lekòl pou ane eskolè 2023-2024 a e pou nenpòt elèv ki gen laj lekòl, men ki manke yon vaksen. Inite a ap ofri tou vaksen grip la ansanm ak vaksen COVID-19 pou elèv ki elijib.
Pou elèv yo elijib pou vaksen COVID-19 la, yo DWE gen omwen laj sis (6) mwa nan jou y ap resevwa vaksen an. Paran yo dwe ranpli tou yon fòm depistaj ak konsantman pou vaksen COVID-19 la, ki ap disponib nan andwa kote y ap bay vaksen an.
Nou mete feyè nan atachman an ann Anglè, ann Espanyòl ak an Kreyòl ki gen tout andwa, orè, ak lè ki disponib pandan tout mwa fevriye a pou kominote a. Elèv ki nan lekòl kote inite mobil la ap bay vaksen an ap gen priyorite. Randevou pa nesesè pou resevwa vaksen, toutotan li disponib.
Nou ankouraje paran yo eskane kòd ‘QR’ nan feyè ki nan atachman an, pou jwenn fòm konsantman yo sou entènèt e ranpli yo anvan yo vizite inite mobil la. Pou elèv ki fèk vini nan Florid, tanpri pote dosye vaksinasyon nou.
Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou aparèy iPhone oubyen Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non Twitter, nan @mdcps ak @suptdotres, sou Instagram nan @miamischools e @suptdotres, sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
24-VSP/56/AR/CM