Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
2/12/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Uit Lekòl Leta Miami-Dade Resevwa Prim Komisyon Admisyon nan Kolèj pou Plasman Avanse pou Divèsite Fanm nan Syans Enfòmatik

Uit Lekòl Leta Miami-Dade County resevwa Prim "The College Board AP Computer Science Female Diversity" (Komisyon Admisyon nan Kolèj pou Plasman Avanse pou Divèsite Fanm nan Syans Enfòmatik) paske yo reyalize yon gwo reprezantasyon jèn fanm nan "AP Computer Science Principles, and AP Computer Science" (Plasman Avanse nan Presip Syans Enfòmatik, ak Plasman Avanse nan Syans Enfòmatik). Yo onore Lekòl ki resevwa Prim pou Plasman Avanse pou Divèsite Fanm nan Syans Enfòmatik yo paske yo te ogmante aksè pou jèn fanm nan kou Plasman Avanse nan syans enfòmatik.

 

Men lis Lekòl M-DCPS ki resevwa prim nan pou ane 2023 a:

·         Arthur & Polly Mays Conservatory of the Arts

·         Design and Architecture Senior High School

·         Felix Varela Senior High School

·         Medical Academy for Science and Technology

·         Miami Jackson Senior High School

·         Miami Norland Senior High School

·         Miami Springs Senior High School

·         Young Women's Preparatory Academy

 

Lisette Alves, ki se Asistan Sipèentandan pou Divizyon Etid Akademik la di: "Nou kontan felisite elèv kou Plasman Avanse nou yo ak pwofesè yo sou etap sa a k ap mennen yo nan egalite ant jèn fi ak jèn gason nan etid syans enfòmatik. Nou fyè paske lekòl nou yo resevwa onè sa a epi nou espere wè jèn fi sa yo ansanm ak lòt jèn pousuiv e fè siksè nan etid ak karyè yo nan enfòmatik."

 

Premye ane 'AP CSP' a an 2016-17 te atire plis elèv pase nenpòt lòt kou Plasman Avanse pou debitan epi patisipasyon yo kontinye ap ogmante. An 2023, plis pase 164,505 elèv te pran egzamen Plasman Avanse nan Prensip Syans Enfòmatik la – plis pase twa (3) fwa kantite elèv k ap pran egzamen an nan premye ane kou a. An 2023, 55,572 jèn fi te pran egzamen Plasman Avanse nan Prensip Syans Enfòmatik la, prèske kat (4) fwa kantite elèv ki te pran egzamen an nan ane 2017.

 

Trevor Packer, ki se Direktè Anchèf pou Kou Plasman Avanse ak Ansèyman nan Komisyon Admisyon pou Kolèj la di, "Syans enfòmatik jwe yon wòl enpòtan nan ekonomi nou an ansanm ak majorite posiblite karyè yo."

 

Lè nou ofri elèv fanm yo aksè nan kou syans enfòmatik yo, sa enpòtan anpil pou asire ekite ant mendèv fanm ak mendèv gason nan sektè anplwa ki byen peye epi pou ankouraje inovasyon, kreyativite ak reprezantasyon. Nan mwa me 2022, yo te evalye mwayèn salè ànyèl pou mendèv nan teknoloji ak syans enfòmatik a $100,530 dola. Sepandan, fanm reprezante sèlman 24 pousan nan apeprè senk (5) milyon moun ki anplwaye nan sektè syans enfòmatik la.

 

Dapre done ki soti nan rechèch sou kou Plasman Avanse sou Prensip nan Syans Enfòmatik Komisyon Admisyon pou Kolèj la te fè, elèv fanm ki pran kou Plasman Avanse sou Prensip nan Syans Enfòmatik nan lekòl segondè yo gen plis pase senk (5) fwa plis chans pou yo etidye syans enfòmatik nan kolèj, konpare ak elèv nan menm kondisyon ak menm nivo preparasyon akademik ki pa t pran kou Prensip Syans Enfòmatik yo. Rechèch la montre tou elèv kou Plasman Avanse sou Prensip nan Syans Enfòmatik yo gen prèske de (2) fwa plis chans pou yo enskri nan kou Plasman Avanse nan Syans Enfòmatik, e pou pifò elèv yo, kou Plasman Avanse sou Prensip nan Syans Enfòmatik yo sèvi kòm yon etap lansman pou lòt kou Plasman Avanse nan STEM.

 

Rezilta rechèch la mete aksan sou enpòtans pou lekòl nan tout peyi a reyalize egalite ant jèn fi ak jèn gason nan salklas kou Plasman Avanse nan Syans Enfòmatik yo. Anjeneral, elèv fanm yo pa byen reprezante nan kou syans enfòmatik nan lekòl segondè nou yo, dèske yo reprezante sèlman 34 pousan patisipan nan kou Plasman Avanse sou Prensip nan Syans Enfòmatik ak 26 pousan patisipan nan kou Plasman Avanse nan Syans Enfòmatik. 1,127 lekòl ki resevwa prim Komisyon Admisyon nan Kolèj pou Plasman Avanse pou Divèsite Fanm nan Syans Enfòmatik ane sa a sèvi kòm enspirasyon ak modèl pou tout lekòl segondè Ozetazini.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non Twitter nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/056/AR/RD/SD/CM

Follow us