Depatman "Early Childhood Programs" (Pwogram Aprantisaj pou
Timoun Anbazaj) nan "Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)" (Lekòl Leta
Miami-Dade County), lanse kanpay 'Ready, Set, Enroll!' (Prepare W, Ale,
Enskri!) avèk yon varyete pwogram aprantisaj pou timoun anbazaj ak pwogram "Voluntary
Prekindergarten (VPK)" (Klas Matènèl Volontè) pou ane lekòl 2024-2025 la.
Pwogram
Edikasyon VPK nan Florid, VPK: Se yon pwogram gratis ki prepare timoun pou jadendanfan e pi lwen, disponib
nan plis pase 200 lekòl nan tout konte a. Timoun yo dwe gen 4 ane daj nan dat
1ye septanm nan nenpòt ane a, pou yo enskri. W ap jwenn lis lekòl ki ap
patisipe yo ki disponib nan earlychildhood.dadeschools.net.
Pwogram VPK M-DCPS la sèvi ak yon sistèm lotri pou l chwazi
elèv. Aprè fanmi yo fin bay prèv nesans timoun yo ansanm ak adrès yo nan lekòl/lekòl
katye pitit yo anvan dat limit 23 fevriye 2024 la, yo ap antre fanmi yo nan
lotri VPK a. Tiraj lotri a pral fèt vandredi 23 fevriye 2024. Se timoun non yo soti nan lotri a n
ap chwazi pou antre nan pwogram nan.
Ka gen plas ouvè ki disponib nan kèk lekòl aprè dat lotri
a. Paran timoun yo pa t chwazi nan lotri a lekòl katye yo, ap resevwa
enfòmasyon konsènan opòtinite yon lotri ki andeyò dat nòmal la pou sekirize yon
plas pou pitit yo. Pou
asistand paran yo dwe kontakte Depatman Early Childhood Programs nan
305-995-7632. Paran ka jwenn "VPK Program Certificate of Eligibility" (Sètifika
Elijibilite pou Pwogram VPK) ki obligatwa pou aplikasyon an sou sit entènèt
biwo 'Early Learning Coalition' an nan: www.vpkhelp.org.
Pwogram 'Head Start/Early Head Start': Se yon pwogram nou
ofri an patenarya avèk 'Miami-Dade County Community Action and Human Services',
pwogram Head Start M-DCPS la se yon pwogram devlopman global konplè timoun,
leta federal finanse, pou sèvi timoun depi yo fèt jiska senkan (5) pou fanmi ki
ki elijib daprè revni yo. Pwogram nan gen ladan timoun ki gen andikap e ki ap
resevwa yon gwo varyete sèvis konplè pou devlopman yo.
Nou aksepte aplikasyon pou enskripsyon pou toude pwogram yo
pandan tout ane a. Pou plis enfòmasyon, kondisyon pou enskripsyon, aplikasyon
sou entènèt, ak yon lis konplè lekòl ki ap patisipe yo, vizite www.miamidade.gov/headstart.
Wòl
Modèl Pwogram Pre-K ESE: Pwogram nan bezwen elèv edikasyon jeneral pou sèvi kòm modèl pou yon kantite plas limite nan "Pre-K Exceptional
Student Education (ESE)" (Edikasyon Elèv Eksepsyonèl Klas Matènèl) atravè distri
a. Pwogram sa a ofri yon jounen opòtinite konplè oubyen mwatye jounen,
gratis pou elèv ki kalifye. Elèv yo kalifye, kòmanse nan laj twazan (3), e yo
dwe gen nivo langaj ki apwopriye ak ladrès sosyal pou laj yo paske yo pral sèvi
kòm modèl pou timoun ki gen andikap.
Kourikoulòm Pre-K ESE sa a li rijid e li ofri elèv yo yon
opòtinite pou pran klas preparatwa pou lekti, matematik, syans ak etid sosyal,
ansanm ak devlope ladrès sosyal yo nan yon anbyans lekòl. Paran dwe mande lekòl/lekòl
ki sou katye yo enfòmasyon oubyen yo ka rele biwo "Pre-K Special Education" (Edikasyon Espesyal Klas Matènèl) nan 305-271-5701 pou idantifye pwogram ki
toupre lakay yo. Nou envite elèv ki pral sèvi kòm modèl nan Pwogram 'Reverse
Mainstream' nan pou vini lekòl la pou kèk jou pandan prentan an pou pwofesè yo
evalye nivo preparasyon yo pou pwogram sa a. Pou plis enfòmasyon, silvouplè vizite earlychildhood.dadeschools.net oswa rele 305-995-7632.
Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou
Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30
dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6è diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools
la sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non
Twitter nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
24-VSP/059/HD/SD/RD