Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
2/12/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

Yo Rekonèt Sis Lekòl Distri pou Pwogrè Eksepsyonèl Yo Fè nan Ogmante Siksè Elèv

“The East Coast Technical Assistance Center (ECTAC)” (Sant Asistans Teknik East Coast), yon òganizasyon pwofesyonèl ki bay sipò, ede defann enterè, devlope e kenbe relasyon, ak opòtine pou aprantisaj pou tout distri lekòl ki manm nan òganizasyon an, fèk anonse dènye lis Lekòl ki pran Prim yo. Nan 35 Lekòl ki pran Prim yo, gen sis Lekòl Miami-Dade ki fè pati nan lis la. Lekòl yo se sa ki ap suiv yo:

 

·         Earlington Heights Elementary School

·         Goulds Elementary School

·         Hialeah Gardens Senior High School

·         John F. Kennedy Middle School

·         Olympia Heights Elementary School

·         Southwest Miami Senior High School

 

Yo pral rekonèt lekòl sa yo fòmèlman pou akonplisman eksepsyonèl yo fè nan yon konferans ki pral fèt nan mwa jen an nan vil Orlando.

 

‘ECTAC’ idantifye e rekonèt lekòl ki gen anpil povrete ki demontre pwogrè eksepsyonèl nan amelyore siksè pou tout elèv. ECTAC itilize done Nòt Lekòl 2022 yo, ak kritè yo e yo enkòpore plizyè faktè, tankou “English Language Arts (ELA)” (Lekti/Redaksyon Anglè) ak Siksè/Konpetans nan Matematik (done Evalyasyon Estanda Florid yo), ELA ak Pwogrè Aprantisaj nan Matematik (konpare ak done FSA 2019 yo), ELA ak Akonplisman/Konpetans nan Matematik nan Gwoup/Sous-Gwoup Elèv ESSA yo, Nòt Lekòl/Mwayèn Nòt Lekòl an Jeneral, ak pousantaj Elèv ki Defavorize Ekonomikman.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non Twitter nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/062/JCD/SD/RD

Follow us