Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
2/12/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

MAKE DAT LA! Fwa Kolèj Nasyonal la Ap Vini Miami, 3 Mas 2024 Enskri Davans Sou Entènèt Kounye a!

Reprezantan k ap soti nan prèske 200 kolèj ak inivèsite pral patisipe nan Fwa Kolèj Nasyonal Miami an – dimanch 3 mas 2024, pou rankontre elèv ak paran pou pale sou sijè tankou èd finansye, planifikasyon, kondisyon admisyon ak egzamen pou rantre nan kolèj.

 

Fwa sa a, ki gratis, ap fèt kòmanse midi pou 4è nan aprèmidi, nan DoubleTree by Hilton Miami Airport & Convention Center, 711 N.W. 72nd Ave., Miami, FL 33126. Antre gratis. Pakin se $7, kash sèlman.

 

Gen yon Sant Konseye ki ap disponib tou pou pèmèt elèv ak paran yo jwenn opòtinite pou pale avèk pwofesyonèl ki gen fòmasyon nan preparasyon, admisyon ak bousdetid pou kolèj.

 

Elèv yo ka enskri davans pou fwa a nan www.nacacattend.org/24Miami. Yo ka enprime yon konfimasyon ki kode y ap ka itilize nan Fwa a kòm yon idantifikasyon elektwonik, e pou mande enfòmasyon nan divès kolèj ak inivèsite ki ap prezan nan fwa a.

 

Se “National Association for College Admission Counseling (NACAC)” (Asosyasyon Nasyonal Konseye pou Admisyon nan Kolèj) ak Lekòl Leta Miami-Dade County ki ap patwone evènman an. Chak ane ‘NACAC’ patwone fwa nan plis pase 50 vil atravè Etazini ki rasanble plis pase 650 mil elèv ak paran.

 

Pou plis enfòmasyon, vizite www.nacacnet.org. Suiv evènman an sou medya sosyal nan #collegefairmiami.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non Twitter nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/060/HD

Follow us