Nan
reyinyon regilye li chak mwa, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County te chwazi
konpayi achitekti pou de (2) pwojè "General Obligation Bond (GOB)" (Bon
Obligasyon Jeneral) finanse nan Lekòl Biscayne Gardens Elementary/Thomas
Jefferson Middle ak lekòl Broadmoor Elementary, ki vo apeprè $45.5 milyon dola.
Lekòl Biscayne Gardens Elementary/Thomas Jefferson Middle – Yo chwazi Zyscovich LLC
kòm Achitèk/Enjenyè nan Dosye (A/E) pou dezyèm faz konvèsyon Sant K-8 nan lekòl
Biscayne Gardens Elementary/Thomas Jefferson Middle Schools Middle la.
Premye
faz pwojè a ki gen ladan yon bilding de (2) etaj ak yon kapasite pou 554 plas pou
elèv fèk fini. Yo planifye dezyèm faz pou Lekòl Thomas Jefferson Middle la avèk
entansyon pou itilize Lekòl Biscayne Gardens Elementary (BGES) kòm espas
tanporè pandan konstriksyon ap dewoule. Kanpous lekòl la ki te bati orijinalman
an 1958, sitiye nan rejyon nò a, li gen ladan 13 bilding pèmanan ak yon
kapasite 611 plas pou elèv.
Dimansyon
preliminè travay la gen ladan, men li pa limite a, demolisyon kafeterya ki
egziste kounye a ak konstriksyon yon nouvo kafeterya ak yon espas deyò ki
kouvri pou elèv yo manje. Konsa, y ap ranplase siy deyò lekòl la, kloti, pasaj pyeton
an beton, poto limyè elektrik ak pasaj pyeton ki kouvri. Yo pral restore oswa renove plizyè bilding yo chwazi
pou ka konvèti kanpous la vin yon sant K-8.
Patisipasyon Total Soutretans "Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)" (Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis): 9.50 pousan
Patisipasyon Total Soutretans "Minority/Women Business Enterprises (M/WBE)" (Antrepriz Biznis Minoritè/Biznis Fi Posede): 17 pousan
Alokasyon total
pou pwojè a – $22.7 milyon dola Faz
II - Devlopman Konsepsyon Plan – Out 2024
Lekòl Broadmoor Elementary – Yo te chwazi Silva Architects, LLC kòm 'A/E' (Achitèk/Enjenyè nan dosye) pou pwojè restorasyon ak renovasyon nan Lekòl
Elemantè Broadmoor, pwojè 'GOB' finanse. Lekòl la ki te bati an 1957 nan rejyon santral
distri lekòl la, gen 708 plas pèmanan pou elèv.
Dimansyon
travay la gen ladan, men li pa limite a, demolisyon nan kèk bilding sou kanpous
la yo chwazi ak konstriksyon kèk nouvo bilding, yon espas pou paran depoze/vin
chèche elèv, pasaj pyeton ki kouvri, ak yon espas deyò ki kouvri pou elèv yo manje.
Pami raplasman y ap fè yo, gen tou teren baskètbòl yo, fenèt aliminyòm, pòt fè,
plonbri ak amelyorasyon nan sistèm 'HVAC' (chofaj, vantilasyon ak sistèm
klimatizè) a.
Patisipasyon Total Soutretans "Small/Micro Business Enterprise (S/MBE)" (Antrepriz Ti Biznis/Mikwo Biznis): 30 pousan
Patisipasyon Total Soutretans "Minority/Women Business Enterprises (M/WBE)" (Antrepriz Biznis Minoritè/Biznis Fi Posede): 18.5 pousan
Alokasyon total
pou pwojè a – $22.8 milyon dola Faz
I – Konsepsyon Plan yo – Jiyè 2024
Pou dènye
enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a
9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6è
diswa sou RCH 23 1610AM.
Silvouplè telechaje
aplikasyon mobil Dadeschools la sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou
X, nou te konnen sou non Twitter nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.
# # #
23-VSP/061/HD/RD/SD