Users
Social media
Contact information
Address

MDCPS: 1450 NE 2nd Ave,
Miami, FL 33132 - United States

Email

webmaster@dadeschools.net

Phone

(305) 995-1000
(For Non Technical Questions Only)

MDCPS Office of Communications Banner
POU DIFIZE IMEDYATMAN
2/27/2024
KONTAK:  Simone Degraff
Miami-Dade County Public Schools
305-995-4247

M-DCPS Klase an Twazyèm Pozisyon Nan Eta a Nan Pousantaj Moun Ki Konplete Aplikasyon FAFSA a

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) klase an twazyèm plas nan eta a nan defi “Free Application for Federal Student Aid (FAFSA)” (Aplikasyon Gratis pou Èd Federal pou Elèv) pou ane 2022-2023 a, dapre done “Florida College Access Network” (Rezo Aksè Kolèj nan Florid). ‘FAFSA’ bay elèv yo mwayen posib pou finanse edikasyon yo, tankou sibvansyon ak prè, ki se yon etap enpòtan pou elèv k ap chèche finanse edikasyon apre lekòl segondè.

 

Defi ànyèl la, ki te kòmanse an 2015, ankouraje tout lekòl ak distri lekòl Florid yo pou yo ogmante pousantaj moun ki ranpli aplikasyon FAFSA yo de senk (5) pwen pousantaj parapò ak pase ane anvan an. M-DCPS depase tout lòt gwo distri nan Florid ak yon pousantaj fini 66.7 pousan epi li montre klèman angajman li pou asire elèv yo gradye avèk yon plan edikasyon pou apre lekòl segondè.

 

Atravè Pwogram Asistans pou Kolèj M-DCPS la, n ap kontinye fè efò pou n sipòte elèv dènye ane lekòl segondè yo ak fanmi yo avèk nouvo aplikasyon FAFSA 2024-2025 ki fèk revize a, atravè divès aktivite n ap fè nan kominote a ansanm ak lekòl katye yo pou ranpli aplikasyon FAFSA a.

 

Pou dènye enfòmasyon yo an Kreyòl, silvouplè branche sou Radyo Lekòl lendi - vandredi a 9è diswa sou WLRN 91.3 FM, ak mèkredi 10:30 dimaten sou WSRF 1580AM, ak 6è diswa sou RCH 23 1610AM.

 

Silvouplè telechaje aplikasyon mobil Dadeschools la sou Aparèy iPhone oswa Android ou. Suiv nou sou X, nou te konnen sou non Twitter nan @MDCPS ak @SuptDotres, sou Instagram nan @MiamiSchools ak @SuptDotres, sou Facebook nan MiamiSchools.


# # #

24-VSP/065HD/RD/CM

Follow us